Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
2 Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!
3 Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.
4 ¶ Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè.
5 Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
6 Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
8 Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
9 Men, mwen pral pase yon lòd. Mwen pral vannen moun Izrayèl ki nan mitan lòt nasyon yo tankou yo vannen grenn nan laye. Pa menm yon bon grenn p'ap tonbe atè.
10 Tout moun nan pèp la k'ap fè sa ki mal pral mouri nan lagè. Yo tout k'ap plede di: O wi, Bondye p'ap kite malè rive nou, ni li p'ap kite malè tonbe sou nou, yo tout pral mouri nan lagè.
11 ¶ Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.
12 Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!
13 Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa.
14 M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.
15 M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.
57 ¶ Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason.
58 Vwazinaj ak fanmi l' yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li.
59 Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li.
60 Men, manman l' di yo: Non, se Jan pou l' rele.
61 Yo di l' konsa: Men, pa gen pesonn nan fanmi ou ki rele Jan.
62 Yo fè papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la.
63 Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi.
64 Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò.
65 Tout moun ki te nan vwazinaj la te pè; nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jidè a.
66 Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo; yonn t'ap di lòt: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre.