Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Gran foul la
9 Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. 10 Yo t ap rele byen fò, yo t ap di:
“Viktwa a se pou Bondye nou an li ye,
li menm ki chita sou twòn nan,
ansanm avèk Ti Mouton an.”
11 Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”
13 Lè sa a, youn nan granmoun yo mande m: Moun sa yo ki abiye ak wòb blan yo, ki moun yo ye? Kote yo soti?
14 M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo,[a] yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.
15 Se poutèt sa, moun sa yo devan twòn Bondye a. Y ap adore li nan tanp lan lajounen kou lannuit. Moun ki chita sou twòn nan ap ba yo pwoteksyon lakay li. 16 Yo p ap janm grangou ankò, yo p ap janm swaf ankò, solèy la p ap boule yo ankò, ata gwo chalè p ap frape yo. 17 Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.
Copyright © 2017 by Bible League International