Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 73:1-20

73 ¶ Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.

Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,

paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.

Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.

Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.

Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.

Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.

Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.

Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.

10 Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.

11 Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?

12 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.

13 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?

14 Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen.

15 ¶ Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo.

16 Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen,

17 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini.

18 Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.

19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.

20 Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.

Pwovèb 14:1-9

14 ¶ Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.

¶ Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen.

¶ Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.

¶ Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt.

¶ Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite.

¶ Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.

¶ Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen.

¶ Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.

¶ Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo.

Matye 17:14-21

14 ¶ Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di:

15 Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo.

16 Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li.

17 Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.

18 Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.

19 Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l' apa: Poukisa nou pa t' kapab chase move lespri sa a?

20 Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.

21 Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti.