Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
48 ¶ (48:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (48:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
2 (48:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
3 (48:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
4 (48:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
5 (48:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
6 (48:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7 (48:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8 ¶ (48:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9 (48:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10 (48:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
11 (48:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
12 (48:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
13 (48:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
14 (48:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
3 ¶ Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.
2 Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'.
3 Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'.
4 Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'.
5 Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lòt madanm David te genyen, ki te manman l'. Yo tout te fèt antan David te rete lavil Ebwon.
6 Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo.
7 ¶ Sayil te gen yon fanm kay ki te rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche avè l'. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè, li di l' konsa: -Poukisa w' al kouche avèk yonn nan fanm kay papa m' yo?
8 Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: -Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l' yo, ni zanmi l' yo. Mwen goumen rèd mare pou m' pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou koulye a w'ap fè m' repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a!
9 Se pou Seyè a ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.
10 Paske li te fè sèman l'ap wete baton kòmandman an nan fanmi Sayil la pou l' mete David wa sou moun Izrayèl yo ak sou moun Jida yo, soti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a.
11 Ichbochèt pa t' ka reponn Abnè anyen sitèlman li te pè l'.
12 Abnè voye kèk mesaje bò kote David pou di li: -Ki moun ki pral gouvènen peyi sa a? Pase yon kontra avè m'. M'ap ede ou pou tout moun Izrayèl yo vin jwenn ou.
7 ¶ Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tèt li se moun Kris la li ye, se pou l' mete sa nan tèt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avè li.
8 Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.
9 Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lè m'ap ekri nou konsa.
10 Gen moun ki di: Lè Pòl ap ekri nou, li rèd konsa, li sevè. Men, lè li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale.
11 Enben, moun ki di sa a, li mèt mete sa nan tèt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lèt mwen voye ban nou lè mwen pa la ak sa mwen pral fè lè m'a la nan mitan nou.