Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
93 ¶ Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.
3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.
11 ¶ Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.
2 Se pou nou rekonèt jòdi a tou sa Seyè a te moutre nou. Nou te wè jan li gen pouvwa, jan li gen fòs, jan li gen kouraj. Se nou menm ki te viv tout bagay sa yo, se pa t' pitit nou yo. Yo menm yo pa t' konn anyen, ni yo pa t' wè anyen.
3 Seyè a te fè nou wè mirak ak gwo mèvèy li te fè nan mitan peyi Lejip, pou li te fini ak farawon an ansanm ak tout moun nan peyi a.
4 Nou te wè kisa li te fè lame Lejip la ak tout chwal yo ak tout cha yo, ki jan li te fè dlo lanmè Wouj la kouvri yo, lè yo t'ap rapouswiv nou an. Seyè a te kraze yo nèt.
5 Nou konnen sa li te fè pou nou tout tan nou te nan dezè a jouk nou rive isit la.
6 Chonje sa li te fè Datan ak Abiram, pitit Eliyab, moun fanmi Woubenn yo. Tè a te fann, li vale yo tou vivan ansanm ak tout fanmi yo, tout tant yo ak tout moun ki te avèk yo, devan je tout pèp Izrayèl la.
7 Se nou menm ki te wè ak je nou tout gwo mèvèy sa yo Seyè a te fè.
8 ¶ Se pou nou mache dapre lòd m'ap ban nou jòdi a, pou nou ka vin fò, pou nou ka pran peyi nou pral anvayi a pou nou,
9 pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo pou yo menm ak tout ras yo, nan peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo.
10 Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an pa yon peyi ki tankou peyi Lejip kote nou soti a, yon peyi kote se nou menm ki te blije simen grenn nan jaden nou, lèfini pou nou te travay di pou nou wouze yo tankou yo wouze jaden legim.
11 Non! Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an, se yon peyi ki gen anpil mòn ak anpil fon, yon peyi lapli soti nan syèl wouze tout tan.
12 Se yon peyi Seyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l' depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a.
13 Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,
14 m'a voye lapli sou tè nou lè n'a bezwen l', m'a bay lapli nan sezon plante ak nan sezon rekòt pou nou ka gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil.
15 M'a fè anpil zèb pouse nan savann nou yo pou bèt nou manje. Konsa, n'a jwenn manje pou nou manje plen vant nou.
16 Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n' al sèvi lòt bondye, pou n' al adore yo.
17 Si nou kite sa rive nou, Seyè a va fache anpil sou nou, li p'ap voye lapli. Si pa gen lapli, tè a p'ap bay sa pou l' te bay la. Nou tout n'ap mouri byen vit nan bon peyi Seyè a ban nou an.
13 ¶ Devan Bondye ki bay tout bagay lavi, devan Jezikri ki te fè yon bèl deklarasyon devan Pons Pilat pou fè wè jan li gen lafwa, men sa m'ap mande ou:
14 Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt.
15 Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.
16 Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.