Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 23

23 ¶ Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.

Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.

Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.

Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.

Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.

Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.

Jenèz 48:8-19

¶ Lè Izrayèl wè pitit Jozèf yo, li mande: -Ki timoun sa yo?

Jozèf reponn li: -Se pitit gason Bondye te ban mwen antan mwen isit la wi. Izrayèl di li: -Tanpri, fè yo pwoche pi pre m' pou m' ka beni yo.

10 Izrayèl te fin granmoun, je l' pa t' bon menm. Li pa t' kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kote papa l'. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra l' nan kou yo.

11 Izrayèl di Jozèf konsa: -Mwen pa t' gen espwa wè figi ou ankò, men Bondye fè m' wè ata pitit ou yo.

12 Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l'.

13 Li pran timoun yo, Efrayim nan men dwat li ak Manase nan men gòch li. Konsa, Efrayim vin sou bò gòch Izrayèl, Manase menm sou bò dwat li. Li fè yo pwoche vin jwenn papa l'.

14 Men, Izrayèl kwaze men l' lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l' t'ap fè lè l' te fè sa.

15 Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.

16 Se pou zanj Bondye ki te delivre m' anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.

17 Men Jozèf pa t' kontan lè li wè papa l' te mete men dwat li sou tèt Efrayim. Li kenbe men papa l' pou l' wete l' sou tèt Efrayim pou l' mete l' pito sou tèt Manase.

18 Epi li di papa l': -Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.

19 Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.

Mak 6:30-34

30 ¶ Lè apòt yo tounen vin jwenn Jezi, yo rakonte l' tou sa yo te fè ak tou sa yo te di.

31 Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: -Ann al avè m' yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.

32 Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y' ale yon kote ki pa gen moun.

33 Men, anpil moun te wè lè y' ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri soti nan tout bouk yo, yo gen tan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.

34 Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.