Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
46 ¶ (46:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (46:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
2 (46:3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
3 (46:4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
4 (46:5) Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
5 (46:6) Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
6 ¶ (46:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
7 (46:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
8 (46:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
9 (46:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
10 (46:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
11 (46:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
8 ¶ Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande.
2 Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo.
3 L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di:
4 Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande.
5 Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri.
6 Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat.
7 Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti.
8 Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi.
9 Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans.
10 Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.
11 Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m'.
12 ¶ Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann.
13 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
14 Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa.
15 Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.
16 Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm.
17 Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.
18 Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen.
19 Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan.
20 Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis.
21 Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès.
13 ¶ Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li.
14 Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la.
15 Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.
16 Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè),
17 de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l' la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loraj.
18 Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,
19 ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi li yo.