Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 123 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jij 2:16-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 16:8-21

Katriyèm anj lan vide koup pa l la sou solèy la. Solèy la jwenn pouvwa pou l boule moun ak dife. Lè sa a, moun sou latè te boule ak yon chalè tèrib. Men, olye pou yo ta repanti epi bay Bondye glwa, se joure yo te pran joure non Bondye ki gen pouvwa sou kalamite sa yo.

10 Senkyèm anj lan vide koup pa l la sou twòn bèt la. Fènwa te kouvri wayòm bèt la. Moun t ap mòde lang yo tèlman yo t ap soufri. 11 Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.

12 Sizyèm anj lan vide koup pa l la sou gwo larivyè ki rele Lefrat la. Dlo a seche nèt pou wa k ap soti nan peyi solèy leve yo ka travèse. 13 Apre sa, m wè twa move lespri, yo te sanble ak krapo, youn t ap soti nan bouch dragon an, youn ki t ap soti nan bouch bèt la, epi youn ki t ap soti nan bouch fo pwofèt la. 14 Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.

15 “Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.”

16 Lespri yo te rasanble wa yo yon kote yo rele Amagedon, nan lang Ebre.

17 Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fini!” 18 Lè sa a, te gen anpil kout zeklè, anpil gwo vwa k ap fè bri, anpil kout loray ak yon gwo trannmantè. Se te pi gwo trannmantè ki te janm fèt depi latè te gen moun sou li. 19 Gwo lavil la te fann fè twa moso. Lavil tout lòt nasyon yo kraze. Epi Bondye sonje gwo lavil Babilòn nan, li ba l bwè yon koup plen ra bouch ak diven kòlè tèrib li a. 20 Tout zile yo disparèt, pa gen mòn ankò sou latè. 21 Anpil gwo grenn lagrèl te pran tonbe sou moun yo. Grenn lagrèl yo te peze prèske 40 kilo.[a] Epi moun yo te pran joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la. Se te yon kalamite avèk vyolans tèrib.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International