Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
37 ¶ Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman.
2 Li fè m' pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt.
3 Li di m' konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen!
4 Lè sa a, li di m' konsa: -Bay mesaj sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Seyè a.
5 Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò.
6 M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
7 Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m' lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt.
8 Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t' gen souf nan yo.
9 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat bòn direksyon yo. Soufle sou tout mò sa yo, fè yo tounen vivan ankò.
10 Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m' lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.
11 Bondye di mwen: -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt.
12 Se poutèt sa, ba yo mesaj sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo soti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la.
13 Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
14 M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki pale. Sa m' te di m'ap fè a, m'ap fè l' vre. Se Seyè a menm ki di sa.
130 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
5 ¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
6 Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.
7 Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.
8 Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.
9 Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
10 ¶ Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye.
11 Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.
11 ¶ Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la.
2 (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.)
3 De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad.
4 Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.
5 Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza.
6 Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a.
7 Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide.
8 Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò?
9 Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a.
10 Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li.
11 Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.
12 Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri.
13 Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè.
14 Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri.
15 Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li.
16 Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li.
17 ¶ Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou.
18 Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis.
19 Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a.
20 Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la.
21 Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non.
22 Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li.
23 Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò.
24 Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve.
25 Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.
26 Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
27 Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.
28 Lè Mat fin di sa, l' al rele Mari, sè l' la, li di l' nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li.
29 Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.
30 (Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.)
31 Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a.
32 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri.
33 ¶ Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann.
34 Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non.
35 Jezi kriye.
36 Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!
37 Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri?
38 Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.
39 Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a.
40 Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?
41 Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.
42 Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.
43 Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!
44 Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.
45 ¶ Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.