Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 9:1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 27:1' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 27:4-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 1:10-18

Pwoblèm divizyon nan legliz Korent

10 Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.

11 Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou. 12 Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè[a] m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!” 13 Kris la pa ka divize nan ti gwoup isit ti gwoup laba. Èske Pòl te mouri sou lakwa pou ou? Èske se nan non Pòl ou te batize? 14 M di Bondye mèsi, Mwen kontan m pa t batize okenn nan nou eksepte Krispis ak Gayis. 15 Konsa pyès moun pa ka di se nan non Pòl yo te batize. 16 A wi, mwen batize moun lakay Estefanas! Apre sa mwen pa sonje mwen batize pèsonn ankò. 17 Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa[b] Kris la p ap pèdi puisans li!

Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris

18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou.

Matye 4:12-23

Jezi kòmanse ministè li nan Galile

(Mak 1:14-15; Lik 4:14-15)

12 Lè Jezi tande yo mete Jan nan prizon, li retounen nan rejyon Galile a. 13 Men, li pa t rete Nazarèt; li te pito al rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lak Galile a, sou teritwa Zabilon ak Neftali. 14 Sa te rive konsa pou fè nou konprann pi byen pwofesi pwofèt Ezayi a:

15 “Ouvri zòrèy nou pou n koute, teritwa Zabilon ak teritwa Neftali,
    teritwa ki chita toupre lanmè,
    teritwa ki chita lòtbò rivyè Jouden an.
    Galile, kote anpil etranje rete:
16 Pèp ki t ap viv nan fènwa a
    te wè yon gwo limyè klere.
Limyè a klere
    sila yo k ap viv anba lonbray lanmò.”[a]

17 Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”

Jezi chwazi kèk disip

(Mak 1:16-20; Lik 5:1-11)

18 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 19 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 20 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.

21 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li. 22 San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi.

Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun

(Lik 6:17-19)

23 Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International