Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Gwo diskou Etyèn nan
7 Pi gran sakrifikatè a di Etyèn konsa: “Èske sa yo di yo se vre?” 2 Etyèn reponn, li di: “Frè m ak papa m yo, koute: Bondye ki gran epi ki genyen tout glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an. Lè sa a, Abraram te rete nan Mezopotami toujou. Li pa t ko al rete Karan. 3 Bondye di li: Kite peyi w ak tout fanmi w, pati ale nan peyi mwen va montre w la.[a]
4 Konsa, Abraram pati kite peyi Kalde,[b] l al viv nan Karan. Apre papa Abraram te mouri, Bondye fè l kite Karan pou l vin viv nan peyi sa a, kote n ap viv la. 5 Men Bondye pa t bay Abraram yon pati pou limenm. Li pa t bay Abraram menm yon pous nan peyi a. Okontrè, Bondye te pwomèt li l ap ba l tout peyi a nèt pou l rete ansanm ak pitit pitit li yo. Men Abraram pa t ko gen pitit lè sa a.
6 Men sa Bondye te di Abraram: Pitit pitit ou yo gen pou y al viv kòm etranje nan yon lòt peyi. Y ap fè yo tounen esklav nan peyi sa a epi y ap maltrete yo anpil pandan kat san (400) zan. 7 Men m ap gen pou m pini nasyon ki va fè yo tounen esklav yo a.[c] Apre sa, Bondye di l ankò: Apre bagay sa yo fin rive, y a soti kite peyi kote yo te esklav la epi y a vin sèvi m isit la.[d]
8 Apre sa, Bondye fè yon kontra ak Abraram epi Bondye deside se sikonsizyon k ap senbòl kontra sa a. Konsa, lè Abraram vin gen pitit gason li Isaak, li sikonsi Izarak sou uit (8) jou apre l te fin fèt. Menm jan an tou, lè Izaak fè Jakòb, li te sikonsi li tou, epi Jakòb te sikonsi douz pitit gason li yo ki se papa douz branch fanmi nan pèp Izrayèl la.
Copyright © 2017 by Bible League International