Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Yon kesyon sou moun k ap jene
(Mat 9:14-17; Mak 2:18-22)
33 Men yo di li: “Disip Janbatis yo fè jèn souvan, epi yo priye souvan. Disip Farizyen yo tou fè menm bagay la, epi disip pa w ou yo menm ap manje bwè.”
34 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. 35 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.”
36 Epi li rakonte yo yon parabòl. Li di: “Pèsonn p ap pran yon moso twal nan yon rad nèf pou l pyese yon rad ize avèk li. Si ou fè sa, ni rad nèf la ni rad ize a ap chire. Pyès twal nèf la pa t ap mache ak twal ize a non plis. 37 Konsa tou, Pèsòn p ap pran diven nouvo[a] pou l mete l nan yon vye barik. Si ou fè sa, diven nouvo pete vye barik la, diven an ap tonbe epi l ap detwi veso yo.[b] 38 Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. 39 Pèsonn p ap fin bwè diven ki gentan ansyen epi pou l ta anvi bwè nouvo diven. Paske l ap di: diven ki gentan ansyen an pi bon.”
Copyright © 2017 by Bible League International