Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
15 Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi. 2 Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo. 3 Men Kris pa t ap chache fè pwòp tèt li plezi. Jan Pawòl Bondye di sa, “Lè moun yo ap joure w, m santi se mwen y ap joure.”[a] 4 Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo. 5 Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikri. 6 Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an laglwa.
Copyright © 2017 by Bible League International