Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 33:1-12

33 ¶ Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.

Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.

Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.

Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la.

Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.

Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.

Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.

Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.

Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.

10 Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.

11 Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.

12 ¶ Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!

Jenèz 15:1-20

15 ¶ Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.

¶ Abram di. Seyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m', se Elyezè, moun peyi Damas la.

Abram di ankò. Gade! Ou pa ban m' pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m'.

Lè sa a, li tande Seyè a ki di l' konsa. Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou.

Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.

Abram mete konfyans li nan Seyè a, se konsa Seyè a fè l' gras.

¶ Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou.

Abram di. Seyè, Bondye, kijan pou m' fè konnen peyi sa a pou mwen vre?

Seyè a di l'. Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon.

10 Abram al pran tout bèt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lòt. Men, li pa koupe zwazo yo an de.

11 Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bèt yo, Abram pouse yo ale.

12 ¶ Solèy tapral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl lapèz pran l' nan dòmi an. Kote l' te ye a vin fè tout nwa.

13 Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (400 an).

14 Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès.

15 Kanta ou menm, ou pral mouri ak kè poze, ou pral jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Wi, anvan ou antre anba tè, wa viv lontan san ankenn pwoblèm.

16 Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo.

17 ¶ Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.

18 Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.

19 Sa vle di tout peyi kote moun Keni yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo,

20 moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo,

Matye 9:27-34

27 ¶ Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou!

28 Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt.

29 Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la.

30 Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa.

31 Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l' toupatou nan peyi a.

32 Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li.

33 Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.

34 Men, farizyen yo t'ap di: Se chèf move lespri yo ki ba l' pouvwa pou chase move lespri yo.