Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)
14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa. 15 Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan,[a] chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”
16 Gen lòt menm ki te vle pran l nan pyèj. Yo mande l pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 17 Men, Jezi ki te konnen ki panse yo te gen nan tèt yo, li di yo konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 18 Menm jan an tou, si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize. Ki jan pou wayòm li fè kontinye kanpe? M di nou sa paske nou di se Bèlzebil ki banm puisans pou m chase denmon yo. 19 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 20 Men okontrè si se pouvwa Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye deja tabli pami nou.
21 Lè yon nonm vanyan byen ame ap veye kay li, tout byen l yo ki nan kay la an sekirite. 22 Men, sipoze yon lòt ki pi vanyan pase l vin atake l. Sa k pi vanyan an ap ranpòte laviktwa sou li. L ap pran zam li yo ki te garanti sekirite kay la, apre sa, l ap separe byen nonm nan jan l pi pito.
23 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.”[b]
Danje lè w rete vid
(Mat 12:43-45)
24 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” 25 Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje. 26 Lè sa a li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan.
Moun Bondye beni yo
27 Pandan Jezi t ap pale pawòl sa yo, gen yon fi nan foul la ki pale byen fò, li di Jezi konsa: “Ala beni Bondye beni manman ki te pote w nan vant li epi ki te ba ou tete a.”
28 Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”
Copyright © 2017 by Bible League International