Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
10 Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a. 11 Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. 12 Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.
13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li.
Jezi kritike lidè relijye yo
(Mak 12:38-40; Lik 11:37-52; 20:45-47)
23 Jezi te kòmanse pale ak foul la ansanm ak disip li yo, li di: 2 “Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete[a] Lalwa Moyiz la. 3 Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. 4 Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.[b]
5 Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè[c] yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj[d] nan manto yo pi long pase pa lòt moun. 6 Yo renmen plas devan nan resepsyon. Yo renmen plas kote moun ka wè yo lè y al nan sinagòg. 7 Lè yo sou laplas piblik, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè, yo renmen lè moun rele yo Mèt.
8 Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè. 9 Pa rele okenn moun sou latè Papa, paske se yon sèl papa nou genyen, epi se nan syèl li ye. 10 Pa kite okenn moun rele w Mèt, paske nou gen yon sèl mèt, se Kris la. 11 Moun ki pi enpòtan pami nou, se sila a k ap sèvi lòt moun yo. 12 Nenpòt moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.
Copyright © 2017 by Bible League International