Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 106:1-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 106:19-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Egzòd 24:12-18' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 2:18-22

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mat 9:14-17; Lik 5:33-39)

18 Disip Janbatis yo ak Farizyen yo t ap jene. Kèk moun vin di Jezi: “Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo jene, epi disip pa w yo pa jene?”

19 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Yo pa ka ap jene pandan misye marye a la toujou avèk yo. 20 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.

21 Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. 22 Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo[a] pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International