Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Bondye ak pèp Jwif la
9 Mwen se moun Jezikri, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: 2 Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès 3 pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. 4 Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. 5 Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi[a] a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
Jezi bay plis pase 5,000 moun manje
(Mak 6:30-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)
13 Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. 14 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.
15 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.”
16 Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!”
17 Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.”
18 Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” 19 Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. 20 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. 21 Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.
Copyright © 2017 by Bible League International