Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jenèz 18:1-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jenèz 21:1-7' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 116:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 116:12-19' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 5:1-8

Bondye renmen nou anvan menm nou fè lapè avè l

Nou se moun Bondye deklare jis devan li, poutèt lafwa nou.[a] Konsa, nou tout[b] fè lapè ak Bondye pa mwayen Jezikri, Senyè nou an. Se li menm ki louvri pòt lagras Bondye n ap jwi kounye a, poutèt konfyans nou mete nan li. Se sa k fè nou kontan anpil, paske n ap tann, yon jou, pou n patisipe nan laglwa Bondye. Anplis, nou kontan anpil, menm nan soufrans yo. Paske n konnen soufrans bay pasyans. Pasyans se prèv nou se moun ki fò. Prèv sa a ban nou espwa. Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.

Tout sa se laverite, paske Kris te mouri pou nou, lè nou pa t ka fè anyen pou pwòp tèt nou. Nou t ap viv tankou moun ki pa gen okenn respè pou Bondye, men Kris te mouri pou nou, lè jou a te rive pou sa te fèt. Pa gen anpil moun k ap aksepte mouri pou sove lavi yon lòt moun, menm si se ta yon bon moun. Yon moun ta kapab dakò mouri sitou pou yon moun ki bon. Men Kris te mouri pou nou, lè nou te kontinye ap fè sa ki mal. Se konsa Bondye montre nou kijan li gen anpil lanmou pou nou.

Matye 9:35-10:8

Kè Jezi fè l mal pou pèp Jwif la

35 Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi. 36 Lè Jezi gade nan ki sitiyasyon pèp la t ap viv, kè l fè l mal anpil. Ti figi yo te rale, yo te sanzespwa. Yo te tankou yon bann mouton ki pa gen bèje. 37 Jezi di disip li yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. 38 Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.”

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mak 3:13-19; 6:7-13; Lik 6:12-16; 9:1-6)

10 Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi. Men non douz apot yo:

An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè)

epi frè li ki rele Andre,

Jak pitit Zebede

ansanm ak frè li Jan,

Filip ak Batèlmi,

Toma ak Matye,

pèseptè kontribisyon an,

Jak pitit Alfe ak Tade,

Simon, zelòt la ak

Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.

Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten. Ale sèlman nan zòn kote Juif yo ye. Yo tankou yon bann mouton ki pèdi patiray. Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen. Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis.

Matye 10:9-23

Nou pa bezwen pote lajan pòch. 10 Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li.

11 Lè nou antre nan yon gwo vil oswa yon ti vil, chache konnen kay ki moun serye nou ka desann, epi rete la jouktan nou kite zòn sa a. 12 Lè n ap antre nan yon kay, se pou nou di: Lapè! 13 Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. 14 Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. 15 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.[a]

Jezi avèti disip yo sou kèk moman difisil

(Mak 13:9-13; Lik 21:12-17)

16 Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon. 17 Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg. 18 Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. 19 Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. 20 Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.

21 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 22 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen. 23 Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International