Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)
21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. 2 Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. 3 Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”
4 Tout sa rive konsa pou konfime pwofesi a:
5 “Fè anons lan pase nan Siyon:[a]
men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”[b]
6 Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. 7 Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, konsa Jezi chita sou yo. 8 Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. 9 Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj[c] pou Pitit David la!
Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a![d]
Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”
10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Imite Kris pou n pa egoyis
5 Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse.
6 Li menm ak Bondye yo egalego,
poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a
kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li.
7 Okontrè, li chwazi mete egalite sa a sou kote,
san moun pa fòse l,
li fè tèt li tounen yon sèvitè,
li vin tankou tout moun.
Lè l fin fè tèt li tounen
yon moun menm jan ak tout moun.
8 Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye,
li obeyi Bondye jouk nan lanmò li.
Se pa nenpòt kalite lanmò,
men se te lanmò sou yon kwa.
9 Se sa ki fè, Bondye leve l mete nan plas ki pi wo a
epi li ba li non ki pi gran pase tout lòt non.
10 Se poutèt sa, yon jou,
tout moun va mete ajenou devan l
lè yo va tande tit Jezi genyen
nan syèl la, sou tè a ak anba tè a.
11 Yo tout va konfese: “Jezi se Senyè a,”
sa va fè Bondye Papa a jwenn anpil glwa.
Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo
(Mak 14:10-11; Lik 22:3-6)
14 Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo, 15 epi l di yo: “Ki sa n ap ban m si m livre Jezi ba nou?” Konsa, yo ofri l trant pyès lajan. 16 Depi lè sa a, Jida ap veye yon okazyon favorab pou l trayi Jezi.
Repa fèt Pak la
(Mak 14:12-21; Lik 22:7-14,21-23; Jan 13:21-30)
17 Nan premye jou fèt Pen san leven an, disip Jezi yo pwoche bò kote l, epi yo mande l: “Ki kote w vle pou nou fè preparasyon repa fèt Pak la pou ou?”
18 Li reponn yo: “Ale nan vil la kay entèl, di li: Mèt la di: lè m nan pa lwen rive. Se lakay ou m ap manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo.” 19 Disip yo fè jan Jezi te di yo a, epi yo prepare fèt Pak la.
20 Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. 21 Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.”
22 Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?”
23 Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. 24 Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.”
25 Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi,[a] èske se mwen?”
Jezi reponn li: “Se ou ki di l!”
Repa Senyè a
(Mak 14:22-26; Lik 22:15-20; 1 Kor 11:23-25)
26 Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.”
27 Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! 28 Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. 29 M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.”
30 Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.
Jezi anonse disip yo pral abandone l
(Mak 14:27-31; Lik 22:31-34; Jan 13:36-38)
31 Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la:
M ap touye bèje a,
epi mouton yo ap gaye toupatou.[b]
32 Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”
33 Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.”
34 Jezi reponn li: “An verite, m ap di w sa: aswè a menm, anvan menm kòk chante, w ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.”
35 Pyè di li: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, m p ap janm di m pa konnen w.” Epi tout lòt disip yo di menm bagay la tou.
Jezi ap priye poukont li
(Mak 14:32-42; Lik 22:39-46)
36 Apre sa Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: “Rete la! M pral yon ti kras pi lwen pou m al lapriyè.” 37 Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 38 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”
39 Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans[c] sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.” 40 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn y ap dòmi. Li di Pyè: “Sa vle di, ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 41 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”
42 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.”
43 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn disip yo ap dòmi paske je yo te twò lou pou yo te ret ouvè. 44 Konsa, li fè yon deplase ankò, epi l fè menm priyè l te gen tan fè de fwa deja.
45 Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo. 46 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”
Yo arete Jezi
(Mak 14:43-50; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)
47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton. 48 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l.” 49 Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi.
50 Men Jezi di l: “Zanmi m, sa ou vin pou fè a, fè l.”
Apre sa, moun ki te avèk Jida yo, pwoche bò kot Jezi epi yo met men sou li, yo arete l. 51 Youn nan moun ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li atake sèvitè Chèf Prèt la, li koupe zòrèy li.
52 Jezi di moun ki te rale nepe a: “Mete nepe a nan fouwo l. Moun ki goumen ak nepe, nepe k ap touye l. 53 Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj? 54 Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.”
55 Lè sa a, Jezi di foul la: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te chita nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? 56 Antouka, sa pase konsa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.
Jezi devan lidè relijye yo
(Mak 14:53-65; Lik 22:54-55,63-71; Jan 18:13-14,19-24)
57 Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble. 58 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fini.
59 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo touye l. 60 Men yo pa t ka jwenn anyen malgre te gen anpil fo temwen ki t ap eseye fè manti sou li. Finalman gen de pami yo ki pase devan, 61 epi yo di: “Misye[d] te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.”
62 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe epi l di Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 63 Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi.
Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?”
64 Jezi reponn li: “Sa ou di a se sa. Men kite m di w yon bagay: Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”
65 Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye. 66 E nou menm, sa nou di?”
Yo reponn li: “Li merite lanmò.”
67 Epi, yo kòmanse krache nan figi Jezi. Genyen ki ba l kout pwen. Gen lòt ki ba l souflèt. 68 Yo di li: “Ey Mesi, ba nou prèv ou se yon vrè pwofèt. Di nou ki lès ki frape w la?”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mak 14:66-72; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18,25-27)
69 Pandan tan sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Youn nan sèvant Granprèt la di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a.”
70 Men, Pyè demanti l devan tout moun. Li di sèvant lan: “M pa konn sa w ap di la a.”
71 Apre sa li deplase, l ale bò baryè pou antre nan lakou Granprèt la. Yon lòt sèvant di moun ki te la yo: “Nonm sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.”
72 Pyè demanti dam nan. Epi fwa sa a, li fè sèman pou l di: “M pa janm konnen nonm sa a.”
73 Yon ti tan apre, moun ki te kanpe toupre Pyè yo pwoche bò kote l, yo di l: “Nan jan w pale a, nou sèten ou se youn ladan yo.”
74 Lè sa a, Pyè kòmanse fè sèman pou madichon tonbe sou li si l ap bay manti, epi l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Li patko menm fèmen bouch li lè yon kòk te kòmanse chante. 75 Lè sa a Pyè sonje pawòl Jezi a: “Anvan kòk chante aswè a ou ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè soti deyò, epi l kriye tankou moun ki gen gwo doulè.
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mak 15:1; Lik 23:1-2; Jan 18:28-32)
27 Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. 2 Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.
Jida touye tèt li
(Trav 1:18-19)
3 Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. 4 Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.”
Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!”
5 Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li.
6 Chèf prèt yo ranmase pyès lajan yo, epi yo di: “lajan sa a se lajan san, lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp la.” 7 Konsa, yo mete yo dakò pou yo achte yon tèren yo rele Jaden Potye a. Tèren sa a te sèvi simityè pou vizitè ki mouri pandan y ap vizite Jerizalèm. 8 Se poutèt sa, depi lè a, yo rele tèren kot simityè a ye a Jaden San. 9 Alò, pwofesi pwofèt Jeremi an te akonpli:
“Yo pran trant pyès lajan. Se fòs kòb sa a pèp Izrayèl te deside peye pou lavi l. 10 Yo pran trant pyès lajan sa a, yo achte Jaden Potye a avè l, jan Senyè a te ban m lòd la.”[e]
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mak 15:2-5; Lik 23:3-5; Jan 18:33-38)
11 Jezi parèt devan gouvènè a. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”
Jezi reponn li: “Se sa ou di.”
12 Apre sa, malgre tout akizasyon chèf prèt yo ak lidè Jwif yo t ap mete sou do l, li pa t janm ouvè bouch li.
13 Lè Pilat wè sa, li di l: “Ou gen lè pa tande ki valè akizasyon y ap met sou do w?”
14 Men, Jezi pa t janm di yon mo. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Pilat eseye libere Jezi
(Mak 15:6-15; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)
15 Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. 16 Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas.[f]
17 Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” 18 Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li.
19 Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”
20 Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi.
21 Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?”
Pèp la reponn: “Barabas!”
22 Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?”
Yo tout reponn: “Krisifye l!”
23 Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?”
Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!”
24 Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”
25 Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”
26 Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l.
Sòlda women yo pase Jezi nan betiz
(Mak 15:16-20; Jan 19:2-3)
27 Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. 28 Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. 29 Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. 30 Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. 31 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mak 15:21-32; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
32 Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. 33 Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), 34 yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.
35 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò[g] pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 36 Sòlda yo te ret chita veye l. 37 Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: nonm sa a, se Jezi, wa Jwif yo.
38 Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. 39 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”
41 Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: 42 “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. 43 Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” 44 Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou.
Jezi mouri
(Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
45 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 46 Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani!”[h] Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”
47 Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.”[i]
48 Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. 49 Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.”
50 Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.
51 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. 52 Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. 53 Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo.
54 Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”
55 Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. 56 Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede[j] yo.
Yo antere Jezi
(Mak 15:42-47; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)
57 Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini 58 bò kote Pilat pou l mande pou yo ba li kò Jezi. Pilat pase sòlda yo lòd pou yo remèt li kò a. 59 Jozèf pran kò a, li vlope l ak yon dra len fen, 60 epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li. 61 Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te ret chita devan kavo a.
Yo met sòlda veye kavo a
62 Nan demen, apre jou yo rele Jou Preparasyon an, chèf prèt yo ak Farizyen, te fè yon ti rankont ak Pilat. 63 Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou. 64 Konsa n ap mande w pou pase sòlda yo lòd, pou yo byen veye kavo a pandan twa jou. Konsa, disip li yo pa t ka vin vòlè kò epi fè moun kwè mèt yo resisite. Dènye magouy sa a t ap pi rèd pase premye a.”
65 Pilat di yo: “Pran kèk sòlda, al bay kavo a tout sekirite ki nesesè.” 66 Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mak 15:2-5; Lik 23:3-5; Jan 18:33-38)
11 Jezi parèt devan gouvènè a. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”
Jezi reponn li: “Se sa ou di.”
12 Apre sa, malgre tout akizasyon chèf prèt yo ak lidè Jwif yo t ap mete sou do l, li pa t janm ouvè bouch li.
13 Lè Pilat wè sa, li di l: “Ou gen lè pa tande ki valè akizasyon y ap met sou do w?”
14 Men, Jezi pa t janm di yon mo. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Pilat eseye libere Jezi
(Mak 15:6-15; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)
15 Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. 16 Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas.[a]
17 Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” 18 Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li.
19 Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”
20 Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi.
21 Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?”
Pèp la reponn: “Barabas!”
22 Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?”
Yo tout reponn: “Krisifye l!”
23 Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?”
Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!”
24 Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”
25 Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”
26 Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l.
Sòlda women yo pase Jezi nan betiz
(Mak 15:16-20; Jan 19:2-3)
27 Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. 28 Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. 29 Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. 30 Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. 31 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mak 15:21-32; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
32 Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. 33 Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), 34 yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.
35 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò[b] pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 36 Sòlda yo te ret chita veye l. 37 Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: nonm sa a, se Jezi, wa Jwif yo.
38 Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. 39 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”
41 Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: 42 “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. 43 Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” 44 Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou.
Jezi mouri
(Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
45 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 46 Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani!”[c] Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”
47 Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.”[d]
48 Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. 49 Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.”
50 Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.
51 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. 52 Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. 53 Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo.
54 Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”
Copyright © 2017 by Bible League International