Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 119:9-16' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 2:1-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 19:1-12

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mak 10:1-12)

19 Apre Jezi fin pale sou tout koze sa yo, li kite rejyon Galile a pou l ale nan rejyon Jide ak rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Yon gwo foul moun t ap swiv li. Li te fè anpil gerizon.

Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?”

Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi(A) l te kreye? Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.(B) Konsa, yo pa de ankò, men yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”

Farizyen yo di Jezi: “Enben, poukisa Moyiz te bay lòd si yon gason ap kite madanm li fòk li ba li papye divòs?”[a]

Jezi reponn yo: “Moyiz bay pèmisyon an paske tèt nou di, men sa pa t nan plan kreyasyon an. Men mwen menm, m ap di nou: si yon nonm divòse ak madanm li, eksepte pou koz peche seksyèl, epi l al marye avèk yon lòt fi, li komèt adiltè.”

10 Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se kon sa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!”

11 Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. 12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[b] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International