Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: Book name not found: Sir for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 55:10-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 92:1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 92:12-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 15:51-58

51 M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje. 52 Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme. 53 Bondye ap chanje kò nou pou l tounen yon kò ki p ap janm kapab pouri. Kò sa a ki mouri a, Bondye ap transfòme l fè l tounen yon jan pou l pa janm mouri. 54 Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè:

“Lanmò disparèt paske l pèdi batay la.[a]
55 Lanmò, kote viktwa w la?
    Lanmò, kote zam ou?”[b]

56 Zam lanmò, se peche. Puisans peche soti nan lalwa. 57 Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.

58 Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.

Lik 6:39-49

39 Apre sa, li rakonte yo yon parabòl. Èske yon avèg kapab mennen yon lòt avèg? Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou. 40 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Men yon elèv ki fin resevwa tout fòmasyon li, l ap fò menm jan ak mèt li.

41 Pouki sa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan pwòp je pa w la? 42 Ki jan ou fè ka di frè ou: “Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la.” Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit. Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan. Apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.

Aksyon w montre kilès ou ye

(Mat 7:17-20; 12:34b-35)

43 Yon bon pyebwa pa janm donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa donnen bon fwi. 44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa pa mwayen fwi li donnen. Paske yo pa janm keyi fig sou pye pikan. Ni yo pa janm ranmase keyi rezen sou touf pikan. 45 Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.

De kalite moun

(Mat 7:24-27)

46 Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di? 47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki mete l an pratik, mwen pral montre nou ak kilès yo sanble. 48 Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.

49 Men moun ki tande pawòl la ki pa mete l an pratik, li tankou yon moun ki bati yon kay atè san fondasyon pou kenbe l. Lè gwo dlo frape kay la, lapoula kay la tonbe, li kraze nèt.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International