Revised Common Lectionary (Complementary)
141 ¶ Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
2 Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
3 Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
4 Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo!
5 ¶ Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
6 Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.
7 Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.
8 Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou!
9 Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo.
10 Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen!
21 Seyè a di ankò: -M'ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M'ap moutre yo jan mwen konn pini lè m'a pini yo, y'a santi fòs ponyèt mwen lè y'a tonbe anba men m'.
22 Depi lè sa a, jouk byen lontan apre sa, moun pèp Izrayèl yo va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.
23 ¶ Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pa t' kenbe pawòl yo te gen avè m' lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.
24 Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.
25 Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.
26 Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san ankenn danje ni malè, san pesonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pa t' kenbe pawòl yo avè m' pou y' al fè sa ki mal.
27 M'ap fè pèp mwen an soti nan mitan lòt nasyon yo pou yo tounen lakay yo. M'ap mache ranmase yo nan tout peyi kote lènmi yo ap viv. Lè m'a fè sa pou yo anpil nasyon va wè se yon Bondye apa mwen ye.
28 Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Koulye a, m'ap ranmase yo, m'ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè.
29 Mwen p'ap janm vire do ba yo ankò paske m'ap voye lespri m' sou pèp Izrayèl la. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
40 ¶ Nan dizyèm jou premye mwa vennsenkyèm lanne depi yo te depòte nou an, ki vle di katòzan, jou pou jou, depi yo te fin kraze lavil Jerizalèm lan, mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen. Li pran m', li mennen m' ale.
2 Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m' nan peyi Izrayèl la. Li mete m' kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m' sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil.
3 Li fè m' pwoche. Lè sa a, mwen wè yon nonm ki te klere tankou kwiv. Li te kenbe nan men l' yon kòdon tou blan ak yon règ pou mezire. Li te kanpe bò yon pòtay.
4 Nonm lan di m' konsa: -Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè.
23 ¶ Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.
24 Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou.
25 Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p'ap twouble.
26 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'.
27 Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n' manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p'ap twouble.
28 Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse.
29 Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m': Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m' antrav nan sa m' gen dwa fè?
30 Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa?
31 Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
32 Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.
33 Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.
11 ¶ Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.