Revised Common Lectionary (Complementary)
65 ¶ Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.
66 Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
67 ¶ Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.
68 ¶ Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.
69 ¶ Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.
70 Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.
71 ¶ Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.
72 ¶ Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.
12 Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
13 L'ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an.
14 L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè.
15 L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo.
16 L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo.
17 P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.
1 ¶ Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m' pou m' ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m' fè yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye,
2 pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
3 Lè lè li te fikse a rive, li fè nou konnen lavi sa a ak pawòl li, nan mesaj li te renmèt mwen pou m' fè konnen, dapre lòd Bondye, Sovè nou an, te ban mwen.
4 M'ap ekri ou lèt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovè nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.
5 ¶ Mwen te kite ou nan lil Krèt pou ou te kapab òganize tou sa ki pa t' ankò fin regle. Ou te gen pou ou te mete yon gwoup ansyen alatèt legliz la nan chak vil. Chonje sa m' te di ou:
6 ¶ Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwòch, ki gen yon sèl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan.
7 Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l' brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.
8 Men, se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l' viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li.
9 Se pou l' kenbe mesaj verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l' ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.