Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 109:21-31

21 ¶ Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.

22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.

23 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.

24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.

26 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.

27 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.

28 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.

29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.

30 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,

31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.

Ezekyèl 20:18-32

18 Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo.

19 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou. Swiv prensip pa mwen yo, mache dapre lòd mwen bay yo.

20 Fè tou sa mwen di nou fè. Respekte jou repo m' yo pou fè wè nou kenbe kontra m' te siyen ak nou an. Konsa, moun va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye nou.

21 Men, pitit yo kenbe tèt avè m' tou, yo pa mache dapre lòd mwen ba yo. Yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi nan dezè a sa m' ta ka fè yo lè m' fache.

22 Men, mwen kenbe men m' pou m' pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.

23 Men, fwa sa a ankò, mwen fè yon lòt sèman nan dezè a, mwen fè sèman m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo, m'ap simaye nou nan divès peyi etranje.

24 Mwen fè sa paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl papa yo te konn sèvi yo.

25 Se konsa, mwen menm bò pa m', mwen ba yo lòd ki pa t' twò bon ak prensip ki pa bay lavi.

26 Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m' te ka fè yo pè, pou m' te ka fè yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

27 ¶ Koulye a, nonm o, pale ak moun pèp Izrayèl yo! Di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo. La ankò zansèt nou yo te manke m' dega, yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen.

28 Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.

29 Mwen mande yo poukisa tout kay zidòl sa yo kote yo prale a? Depi lè sa a, yo rele kote sa yo Kay Zidòl jouk jòdi a.

30 Koulye a, di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Poukisa pou n'ap avili tèt nou tankou zansèt nou yo te fè yo, pou n'ap kouri fè sèvis pou zidòl yo?

31 Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa!

32 Nou gen yon sèl lide nan tèt nou: N'ap plede di se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k'ap viv nan lòt peyi yo, k'ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. Men, nou p'ap janm wè sa rive.

Revelasyon 3:7-13

¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l' konsa: Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l' lan, moun ki lè li louvri pesonn pa ka fèmen, lè l' fèmen pesonn pa ka louvri a, men sa l' voye di ou:

Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouraj. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pesonn p'ap ka fèmen li.

Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen.

10 Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m' te mande ou pou te pran pasians lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.

11 Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou.

12 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.

13 Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.