Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 65

65 ¶ (65:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. (65:2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.

(65:3) Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,3 (65:4) pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo.

(65:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.

(65:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.

¶ (65:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.

(65:8) Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.

(65:9) Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan.

(65:10) Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a:

10 (65:11) Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen.

11 (65:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!

12 (65:13) Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan.

13 (65:14) Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.

Egzòd 7:14-24

14 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale.

15 Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral soti pou l' al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l' nan men ou.

16 W'a di farawon an: Seyè a, Bondye ebre yo, te voye m' di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l'.

17 Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.

18 Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan li ankò.

19 Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.

20 Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san.

21 Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a.

22 Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.

23 Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive.

24 Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pròp pou yo bwè, paske yo pa t' kapab bwè dlo gwo larivyè a.

Travay 27:13-38

13 Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la.

14 Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la.

15 Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale.

16 Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a.

17 Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou.

18 Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo.

19 Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo.

20 Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove.

21 ¶ Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.

22 Men, koulye a, m'ap di nou pran kouraj. Pesonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi.

23 Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',

24 li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.

25 Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.

26 Men, nou pral chwe sou yon zile.

27 Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè.

28 Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l' nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase.

29 Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve.

30 Marin yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo tapral mare kèk lank devan batiman an.

31 Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.

32 Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l' ale.

33 Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann.

34 Tanpri, koulye a, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l' pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.

35 Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.

36 Tout moun reprann kouraj; yo menm tou yo manje.

37 Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an.

38 Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.