Revised Common Lectionary (Complementary)
96 ¶ Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!
2 Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
3 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
4 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.
5 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
6 Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!
7 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
8 Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!
9 Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
23 Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.
24 Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye.
25 Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè.
26 Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè.
27 Salomon fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Seyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo.
28 De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò.
29 Sou tout miray anndan tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a.
30 Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò.
31 Salomon fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Seyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la.
32 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.
33 Pòt pyès mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fèt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvèti pòt la.
34 Pòt la menm te fèt an pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bò ki ka fèmen yonn sou lòt.
35 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.
36 Li fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt.
37 Se nan katriyèm lanne rèy Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Seyè a.
38 Tanp lan te fin bati ak tout ti detay li yo, jan yo te fè plan an, nan onzyèm lanne rèy Salomon nan wityèm mwa kalandriye jwif yo, ki rele Boul. Salomon te pran sètan pou l' bati Tanp lan.
11 Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.
12 ¶ Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.
13 Si jan yo di l' la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa.
14 Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
15 Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a.
16 ¶ Se poutèt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lèzòm fè l' la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankò.
17 Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.