Revised Common Lectionary (Complementary)
8 Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
9 Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.
15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
17 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
18 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
19 L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.
20 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.
21 M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.
17 ¶ Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!
18 Nanpwen yonn nan tout pitit li fè yo ki la pou moutre l' chemen pou l' pran. Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo ki la pou ba l' men.
19 De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.
20 Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Seyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.
21 Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, nou menm ki sou tankou si nou te bwè diven.
22 Seyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: -Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.
23 Se moun ki t'ap maltrete nou yo mwen pral bay li, moun ki t'ap fè nou pase tray yo epi ki t'ap di nou: Kouche kò nou atè pou nou ka pase sou nou. Lè konsa, nou pare do nou ba yo vre atè a, yo mache sou nou, tankou sou granchemen kote moun ap pase!
6 ¶ Lè m' di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomès li ankò. Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a.
7 Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la: Se Izarak ki va fè pitit pitit mwen te pwomèt ou yo.
8 Sa vle di: tout pitit ki fèt dapre egzijans natirèl kò a pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li.
9 Men ki jan Bondye te fè pwomès la: Lè konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lè sa a Sara va gen tan gen yon pitit gason.
10 Gen lòt pawòl toujou pou di sou pwen sa a: Rebeka te fè de pitit gason pou yon sèl papa, Izarak granpapa nou.
11 -(we vèsè pwochen)
12 Men, Bondye gen jan pa l' pou l' chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l' konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a.
13 Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou.