Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 43:18-25' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 41 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 1:18-22

18 Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan. 19 Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi. 20 Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa. 21 Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li. 22 Li mete sa l sou nou pou di nou se moun pa l. Li mete Sentespri li nan kè nou tankou yon avalwa sou tout sa l gen pou ban nou.

Mak 2:1-12

Jezi geri yon nonm paralize

(Mat 9:1-8; Lik 5:17-26)

Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li. Poutèt sa, yon pil moun te rasanble, pa t gen okenn plas rete menm pou moun te kanpe, ni andan ni devan pòt la. Epi li t ap preche yo pawòl Bondye a. Yo mennen ba li yon nonm paralize kat moun t ap pote. Men yo pa t ka fè paralize a rive devan Jezi poutèt foul la. Konsa yo fè yon twou sou do kay la, kote Jezi te ye a epi yo glise malad la desann ak tout kabann li bay Jezi. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

Te gen kèk eskrib ki te chita la ki t ap di nan kè yo: “Poukisa misye sa a ap pale konsa? Apa l ap ensilte Bondye. Kilès ki kapab padone peche apa Bondye?”

Menm lè a tou, Jezi ki te konnen byen sa yo t ap di nan kè yo, li di yo: “Poukisa n ap reflechi konsa? Ki sa ki pi fasil pou m di paralitik la: Peche w yo padone, oubyen leve, pran kabann ou epi mache? 10 Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: 11 “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

12 Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International