Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Jòb 30-31

30 ¶ Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.

Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.

Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.

Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.

Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.

Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.

Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.

Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.

Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.

10 Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'.

11 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.

12 Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'.

13 Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.

14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo.

15 ¶ Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt.

16 Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'.

17 Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.

18 Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.

19 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.

20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm.

21 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou.

22 Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'.

23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.

24 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?

25 Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo?

26 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'.

27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd.

28 M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.

29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.

30 Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.

31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.

31 ¶ Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.

Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou?

Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.

Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?

Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?

Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.

Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,

se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.

¶ Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,

10 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.

11 Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'.

12 Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.

13 Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,

14 kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?

15 Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.

16 ¶ Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.

17 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.

18 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo.

19 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,

20 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.

21 Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal,

22 enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.

23 Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.

24 ¶ Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.

25 Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.

26 Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.

27 Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.

28 Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.

29 Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.

30 Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo.

31 Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.

32 Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.

33 ¶ Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.

34 Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.

35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,

36 mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn.

37 Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.

38 Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,

39 si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen,

40 enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.

Travay 13:26-52

26 Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou.

27 Paske, moun lavil Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa t' konnen ki moun Jezi te ye. Yo pa t' konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak jou repo. Men, se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo rive vre lè yo te kondannen Jezi.

28 Atout yo pa t' jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l' merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li.

29 Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l' nan yon kavo.

30 Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò.

31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la.

32 Nou menm, nou vin fè nou konnen bon nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo,

33 li fè l' pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou.

34 Bondye te fè konnen li t'ap fè l' soti vivan nan lanmò pou l' pa t' janm tounen pouriti ankò. Se sa l' te fè konnen, lè l' te di: M'a ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo.

35 Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.

36 Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè.

37 Men, moun Bondye te leve soti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè.

38 -(we vèsè pwochen)

39 Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.

40 Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:

41 Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay koulye a nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li.

42 ¶ Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò.

43 Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye.

44 Jou repo ki vin apre a, prèske tout moun nan lavil la te sanble pou tande pawòl Seyè a.

45 Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li.

46 Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.

47 Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.

48 Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.

49 Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a.

50 Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.

51 Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y' ale lavil Ikoniòm.

52 Nan Antiòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo.