Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Jòb 8-10

¶ Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

-Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!

Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.

Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.

Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.

Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.

Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.

¶ Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.

Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.

10 Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.

11 Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.

12 Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm.

13 Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.

14 Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.

15 Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.

16 Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.

17 Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.

18 Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.

19 Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li.

20 ¶ Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo.

21 L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.

22 Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.

¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:

-Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?

Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.

Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.

Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.

Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.

Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.

Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.

Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.

10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.

11 Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.

12 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?

13 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.

14 ¶ Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?

15 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.

16 Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.

17 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.

18 Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.

19 Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?

20 M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.

21 Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò!

22 ¶ Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.

23 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.

24 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?

25 ¶ Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.

26 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.

27 Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,

28 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.

29 Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè?

30 Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.

31 Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.

32 Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.

33 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'.

34 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè.

35 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.

10 ¶ M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!

M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.

Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?

Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la?

Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.

W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal.

Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou!

¶ Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò?

Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?

10 Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen.

11 Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.

12 Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri.

13 Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.

14 ¶ Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.

15 Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.

16 Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.

17 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.

18 Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'.

19 Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt.

20 Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non!

21 Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,

22 nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!

Travay 8:26-40

26 ¶ Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.)

27 Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye.

28 Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a.

29 Sentespri di Filip konsa: Leve pye ou, rive toupre cha a.

30 Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letiopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: Eske ou konprann sa w'ap li la a?

31 Nonm lan reponn li: Ki jan pou m' fè konprann si m' pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l' moute nan cha a, vin chita bò kote li.

32 Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.

33 Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt.

34 Chèf peyi Letiopi a mande Filip: Di m' non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l' osinon yon lòt moun?

35 Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a.

36 Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm?

37 Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a.

38 Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li.

39 Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan.

40 Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.