Old/New Testament
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mak 12:18-27; Lik 20:27-40)
23 Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: 24 “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a.[a] 25 Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. 26 Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. 27 Fi a vin mouri an dènye. 28 Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?”
29 Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 30 Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. 31 Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: 32 Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?[b] Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”
33 Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.
Ki kòmandman ki pi Empòtan?
(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)
34 Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35 Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36 “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”
37 Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.[c] 38 Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w[d] menm jan ak pwòp tèt pa w.[e] 40 Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”
Èske Mesi a se pitit David?
(Mak 12:35-37; Lik 20:41-44)
41 Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: 42 “Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?”
Yo reponn li: “Li se pitit David.”
43 Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:
44 Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
jiskaske m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w![f]
45 Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
46 Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.
Copyright © 2017 by Bible League International