Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 74-76' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 9:16-33

16 Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle. 17 Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”[a] 18 Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.

19 Kounye a, youn nan nou ta ka mande: “Enben, pou kisa Bondye ap blame nou pou zafè peche ankò? Paske, ki moun ki ka kenbe tèt ak Bondye?” 20 Men, kisa w ye ou menm pou w ap kenbe tèt ak Bondye? Èske yon asyèt an ajil ka mande moun ki fè l la: “Pou kisa ou fè m konsa?” 21 Èske moun ki fè po flè a pa ka fè sa l vle ak tè ajil la? Èske l pa ka fè yon bèl asyèt an ajil ak menm tè sa pou okazyon espesyal, epi yon lòt asyèt òdinè?

22 Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri. 23 Li t ap tann ak pasyans pou l te fè pèp li chwazi a konnen grandè laglwa li, pou yo resevwa gras li. Bondye te deja prepare yo pou yo patisipe nan glwa li. 24 Se nou menm Bondye rele soti nan mitan Jwif yo, anplis li mande nou soti nan mitan moun ki pa Jwif yo tou. 25 Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze:

“Pèp ki pa t pèp mwen an,
    m ap rele l pèp mwen.
Epi nasyon m pa t renmen an,
    m ap rele l nasyon byenneme m nan.”[b]

26 Epi,

“Menm kote yo te di yo:
    Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
    yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”[c]

27 Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:

“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
    menm jan ak sab ki bò lanmè
    se kèk nan yo k ap sove sèlman.
28 Paske Senyè a ap fè sa l te di l ap fè sou latè a,
    nan yon ti tan tou kout.”[d]

29 Ezayi te gentan di tou:

“Senyè toupisan an
    te kite kèk moun vivan.
    Si l pa t fè sa konsa,
kounye a, nou t ap menm jan ak Sodòm,
    nou t ap menm jan ak lavil Gomò a.”[e]

30 “Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?”

Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikri. 31 Poutan, Izrayèl menm ki t ap swiv yon lwa pou yo ka vin jis devan Bondye, yo pa reyisi vin jis pou Bondye. 32 Sa k fè sa? Paske Izrayèl pa t chache vin jis pa mwayen lafwa, men pa mwayen zèv yo fè. Yo bite sou wòch ki fè moun tonbe a. 33 Se sa Bondye di nan Pawòl li:

“Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay.
    Se yon karyann k ap fè moun tonbe.
Men, nenpòt moun ki fè l konfyans
    p ap wont.”[f]

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International