Old/New Testament
27 Sa te gen tan fè katòz nuit depi nou t ap flote epi vire fè laviwonn sou lanmè Adryatik la. Men, nan mitan lannuit lan, maren yo te panse nou te prèt pou rive atè. 28 Yo mete yon gwo wòch nan yon kòd yo voye l nan dlo a pou wè pwofondè li. Yo jwenn dlo a te gen yon pwofondè 40 mèt.[a] Yo ale enpe pi lwen epi yo voye kòd la ankò, pwofondè a te 30 mèt.[b] 29 Maren yo te pè pou nou pa t frape sou kèk wòch. Lè sa a, yo jete kat lank nan lanmè, yo te swete epi yo t ap priye pou l jou byen vit. 30 Kèk nan maren yo te vle kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo a. Yo t ap fè sa pou fè moun kwè se lòt lank yo t ap jete nan devan bato a. 31 Men Pòl te di ofisye lame a ansanm ak lòt sòlda yo, “Si mesye sa yo pa rete nan bato a, p ap gen espwa lavi pou nou non.” 32 Konsa, sòlda yo koupe kòd yo epi yo kite kannòt sekou a tonbe nan dlo.
33 Pandan y ap tann li jou, Pòl envite mesye yo pou yo manje, li di yo konsa: “Mesye, jodi a fè katòz jou depi n ap tann epi n ap veye san manje, san nou pa pran anyen. 34 M ap ankouraje nou pou nou manje, nou bezwen manje pou kò nou kapab kenbe. De tout fason, nou p ap pèdi anyen, pa menm yon fil cheve nan tèt nou.” 35 Lè Pòl fin di sa, Pòl pran pen an, li remèsye Bondye devan tout moun epi li pran yon moso pen li manje. 36 Rès mesye yo te vin santi yo pi byen epi yo te pran manje tou. 37 Nou te 276 moun konsa sou bato a. 38 Nou te manje valè pen nou te vle. Lè sa a, nou te jete kèk lòt danre nan lanmè a, pou nou te vin fè bato a pi lejè toujou.
Bato kraze nèt
39 Lè l vin jou, maren yo te wè tè, men yo pa t konnen sou tè ki kote yo te rive. Yo wè yon bè ak yon plaj, yo t ap wè si yo te kapab mennen bato a atè. 40 Poutèt sa, yo detache lank yo voye ale nan lanmè a. Nan menm moman an, yo lage kòd ki te kenbe gouvènay la epi yo mete yon vwal sou devan bato a. Lè sa a, van an pouse yo rive sou plaj la. 41 Men devan bato a al antre nan yon ban sab, yo pa t kapab soti, epi vag lanmè a te vin vyolan, li kraze dèyè bato a.
42 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou yo pa t naje pati chape poul yo. 43 Men ofisye women an te vle sove Pòl, li anpeche sòlda yo fè sa yo te vle fè a. Li mande pou moun ki te konn naje voye kò yo nan dlo an premye pou al atè. 44 Lòt yo te dwe kenbe kò yo sou planch oubyen sou vye moso nan bato a pou swiv yo. Se konsa tout moun te rive atè san anyen mal pa t rive yo.
Copyright © 2017 by Bible League International