Old/New Testament
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)
26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[a] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.
28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale konsa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.
30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”
Li reponn: “Lejyon.”[b] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan. 31 Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.[c] 32 Te gen yon latriye kochon ki t ap manje sou mòn nan. Denmon yo soupriye Jezi pou l ba yo pèmisyon antre nan kochon sa yo. Jezi te ba yo pèmisyon. 33 Denmon yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba.
34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri. 37 Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil.
Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile. 38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”
Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mat 9:18-26; Mak 5:21-43)
40 Lè Jezi retounen nan Galile, yon foul moun te kontan resevwa li, paske tout moun t ap tann li. 41 Yon nonm yo rele Jayiris vin devan li. Jayiris se te youn nan chèf sinagòg yo. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li t ap soupriye l pou l al lakay li avè l. 42 Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan konsa te prèske mouri.
Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou. 43 Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè,[d] men yo youn pa t ka geri li. 44 Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe. 45 Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?”
Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?”
46 Men Jezi reponn: “Wi m di w gen yon moun ki touche m. Paske mwen santi yon puisans soti sou mwen.” 47 Lè fi ki te touche Jezi a wè li pa ka kache bagay la, li vin lage kò l atè devan Jezi. Pandan l tou ap tranble, li temwanye devan tout pèp la poukisa li te touche Jezi. Epi li di yo li te geri imedyatman. 48 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze.”
49 Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”
50 Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.”
51 Lè Jezi rive nan kay la, li pa t pèmèt okenn moun antre ak li, eksepte Pyè Jan ak Jak, ansanm ak papa ti fi a epi manman li. 52 Tout moun t ap kriye. Yo te aflije pou ti pitit la. Men Jezi di yo: “Pa kriye. Paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.”
53 Konsa, moun yo te pran pase Jezi nan betiz, paske yo konnen tifi a te mouri. 54 Men Jezi pran men tifi a. Li rele l byen fò, li di: “Ti pitit, leve!” 55 Lespri tifi a retounen nan limenm epi san pèdi tan li leve kanpe. Apre sa Jezi mande pou yo ba l manje. 56 Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.
Copyright © 2017 by Bible League International