Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
1 Istwa 1-2

¶ Adan te papa Sèt, Sèt te papa Enòk,

Enòk te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd,

Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk,

Lemèk te papa Noe, Noe te papa Sèm, Kam ak Jafè.

Men non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.

Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama.

Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.

Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.

Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan.

10 Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè.

11 Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo,

12 moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo soti.

13 Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo.

14 Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo,

15 moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo,

16 moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo.

17 Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.

18 Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè.

19 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan.

20 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak,

21 Adoram, Ouzal, Dikla,

22 Ebal, Abimayèl, Seba,

23 Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye.

24 Soti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak,

25 Ebè, Pelèg, Reou,

26 Sewoug, Nakò, Terak

27 ak Abram ki te rele Abraram tou.

28 ¶ Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl.

29 Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam,

30 Michma, Douma, Masa, Adad, Tema,

31 Jetou, Nafich ak Kedma.

32 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.

33 Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye.

34 Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl.

35 Men non pitit Ezaou yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore.

36 Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk.

37 Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza.

38 Se Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan.

39 Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna.

40 Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana.

41 Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran.

42 Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran.

43 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba.

44 Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.

45 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.

46 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit.

47 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li.

48 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li.

49 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li.

50 Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l' te pitit fi Mezarab.

51 Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezaou yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt,

52 Olibama, Ela, Pinon,

53 Kenaz, Teman, Mibza,

54 Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa.

¶ Men non pitit gason Izrayèl yo: Woubenn, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon,

Dann, Jozèf, Benjamen, Neftali, Gad ak Asè.

Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'.

Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak.

Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul.

Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada.

Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a.

Etan te papa Azarya.

Ezwon te papa Jerakmeyèl, Ram ak Keloubayi.

10 Ram te papa Aminadab, Aminadab te papa Nachon, yonn nan gwo chèf fanmi Jida yo. Nachon te papa Salma.

11 Salma te papa Boz.

12 Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.

13 Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l', Abinadab, dezyèm pitit gason l', Chimeya, twazyèm pitit gason l',

14 Netanèl, katriyèm pitit gason li, Radayi, senkyèm pitit gason li, Ozèm, sizyèm pitit gason li

15 ak David, setyèm pitit gason l'.

16 De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl.

17 Abigayil te fè yon pitit gason pou Jetè, yon moun nan fanmi Izmayèl. Pitit la te rele Amasa.

18 ¶ Kalèb, pitit Ezwon, te marye ak Azouba. Yo te gen yon pitit fi yo te rele Jeriòt ak twa lòt pitit gason: Jechè, Chobab ak Adon.

19 Lè Azouba mouri, Kalèb marye ak Efrata. Yo te gen yon pitit gason yo rele Our.

20 Our te papa Ouri, Ouri te papa Bezaleyèl.

21 Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub.

22 Segoub te papa Jayi. Jayi te gouvènen venntwa lavil nan peyi Galarad.

23 Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l' zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad.

24 Lè Ezwon mouri, Kalèb marye ak Efrata, madanm Ezwon, papa l'. Efrata fè yon pitit gason pou li ki te rele Askou, papa Tekoa.

25 Jerakmeyèl, premye pitit gason Ezwon an, te gen senk pitit gason: Ram, pi gran an, Bouna, Orèn, Ozèm ak Akija.

26 Jerakmeyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Atara fè yon pitit gason pou li. Se te Onam.

27 Ram, premye pitit gason Jerakmeyèl la, te gen twa pitit gason: Maz, Jamen ak Ekè.

28 Onam te gen de pitit gason: Chamayi ak Jada. Chamayi te gen de pitit gason tou: Nadad ak Abichou.

29 Madanm Abichou te rele Abijayil. Li fè de pitit gason pou Abichou: Aban ak Molib.

30 Nadab, frè Abichou a, te gen de pitit gason: Selèd ak Apayim. Men Selèd mouri san kite pitit gason.

31 Apayim te papa Icheyi. Icheyi te papa Chechan, Chechan te papa Alayi.

32 Jada, frè Chamayi a, te gen de pitit gason: Jetè ak Jonatan. Men Jetè mouri san kite pitit gason.

33 Jonatan te gen de pitit gason: Pelèt ak Zaza. Tout moun sa yo se fanmi Jerakmeyèl yo ye.

34 Chechan pa t' gen pitit gason. Tout pitit li yo se fi yo te ye. Li te gen yon domestik ki te moun peyi Lejip. Domestik la te rele Jara.

35 Chechan marye yonn nan pitit fi li yo avè l'. Yo te gen yon pitit gason ki te rele Atayi.

36 Atayi te papa Natan, Natan te papa Zabad.

37 Zabad te papa Efal, Efal te papa Obèd.

38 Obèd te papa Jeou. Jeou te papa Azarya.

39 Azarya te papa Elèz. Elèz te papa Elasa.

40 Elasa te papa Sismayi, Sismayi te papa Chaloum.

41 Chaloum te papa Jekamya. Jekamya te papa Elichama.

42 Premye pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon.

43 Ebwon te gen kat pitit gason: Kora, Tapwak, Rekèm ak Chema.

44 Chema te papa Raam ki te papa Jòkeam. Rekèm te papa Chamayi.

45 Chamayi te papa Maon ki te papa Betsou.

46 Kalèb te gen yon lòt fanm kay yo te rele Efa. Li fè twa lòt pitit avè l': Aran, Moza ak Gazèz. Aran te gen yon pitit gason yo te rele Gazèz tou.

47 Yon nonm yo te rele Jadayi te gen sis pitit gason: Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chaf.

48 Kalèb te gen yon lòt fanm kay ankò ki te rele Maka. Maka fè de pitit gason pou li: Chebè ak Tirana.

49 Apre sa, Maka fè de lòt pitit gason: Chaf ki te papa Madmana, ak Seva ki te papa Makbena ak Gibeya. Kalèb te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa.

50 Tout moun sa yo te nan fanmi Kalèb. Our te premye pitit gason Efrata ak Kalèb. Men pitit li yo: Chobal ki te papa Kiriyat-Jearim,

51 Salma ki te papa Betleyèm, ak Arèf ki te papa Betgadè.

52 Chobal, papa Kiriyat-Jearim, te zansèt moun Awoyè yo, mwatye nan moun ki rete Menouyòt yo,

53 ak moun ki te rete nan Kiriyat-Jearim, ki vle di: moun Jetè yo, moun Pout yo, moun Choumat yo ak moun Michra yo. Moun ki rete lavil Sora ak lavil Echtawòl yo te soti nan branch fanmi moun sa yo tou.

54 Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo.

55 Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.

Ebre 8

¶ Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.

L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyè a menm te bati. Se pa t' moun ki te bati l' pou li.

Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l' ofri tou.

Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l' la.

Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.

¶ Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.

Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.

Men, Bondye te gen repwòch pou l' fè pèp li a. Se sak fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m' fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.

Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.

10 Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

11 Pesonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.

12 M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.

13 Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.

Amòs 2

¶ Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.

M'ap voye dife nan peyi Moab la. L'a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Moab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k'ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen.

M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Seyè a menm ki di sa.

Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo.

Se poutèt sa, m'ap voye dife nan peyi Jida a. L'a boule gwo kay lavil Jerizalèm yo ra tè.

Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi.

Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.

Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.

¶ Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.

10 Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.

11 Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m' prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

12 Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.

13 Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m' menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè.

14 Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.

15 Moun k'ap tire flèch yo p'ap ka rete kanpe. Moun k'ap kouri vit yo p'ap ka chape. Kavalye sou chwal p'ap ka sove lavi yo.

16 Jou sa a, ata sòlda ki pi vanyan yo ap lage zam yo atè, y'ap kouri met deyò tankou manman yo te fè yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Sòm 145

145 ¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.

Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.

Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

10 ¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!

11 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,

12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.

13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.

14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.

15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.

16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

17 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.

18 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.

19 L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.

20 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.

21 M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.