M’Cheyne Bible Reading Plan
20 ¶ Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:
2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka jwenn pwoteksyon, jan mwen te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
3 Lè yon moun touye yon moun san li pa fè espre, san li pa t' gen lide fè sa, li ka kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun k'ap chache l' pou yo tire revanj.
4 Moun k'ap chache pwoteksyon nan yonn nan lavil sa yo va kouri ale bò pòtay lavil la, l'a esplike chèf fanmi lavil la sa ki te rive l'. Lèfini, y'a kite l' antre nan lavil la. Y'a ba li yon kote pou l' rete nan mitan yo.
5 Si moun k'ap chache tire revanj yo rive jouk la deyè l', chèf fanmi lavil la p'ap renmèt yo nonm lan, paske se pa espre li te fè lè l' te touye moun menm ras ak li a. Li pa t' gen anyen avè l'.
6 L'a gen pou l' rete nan lavil la jouk la parèt devan tout pèp la pou yo jije l', jouk moun ki granprèt lè sa a va mouri. Se lè sa a nonm lan va gen dwa tounen lakay li, nan lavil li te kouri kite a.
7 ¶ Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
8 Lòt bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Woubenn yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo.
9 Men non lavil yo te chwazi pou bay pwoteksyon yo. Nenpòt moun nan pèp Izrayèl la osinon nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo ki ta touye yon moun san fè espre, l'a gen dwa kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun ki fanmi pi pre moun li te touye a, anvan li parèt devan tout pèp la pou yo jije l'.
21 ¶ Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la.
2 Lè sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo: -Seyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje.
3 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo chwazi kèk lavil ak tout savann pou bèt nan pwòp pòsyon tè pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Seyè a te bay lòd la.
4 Yo tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye.
5 Apre sa, yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lòt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa.
6 Lèfini, yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Neftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gèchon yo, chak fanmi pa yo apa.
7 Yo pran douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa.
8 Se konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Seyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
9 ¶ Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pòsyon tè pa yo.
10 Lavil sa yo te soti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo.
11 Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo.
12 Men, yo pran tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, yo bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, pou rele l' pa l'.
13 Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo,
14 lavil Jati, lavil Echtemoa,
15 lavil Olòn, lavil Debi,
16 lavil Ayin, lavil Jouta, lavil Bèt-Chemèch, ansanm ak tout savann pou bèt yo: Sa te fè nèf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo.
17 Nan pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo,
18 lavil Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil.
19 Antou yo te pran trèz lavil ak tout savann pou bèt yo bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo.
20 Lòt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pa t' ankò jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo.
21 Yo te ba yo yon lavil nan mòn peyi Efrayim, lavil Sichèm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezè,
22 lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo.
23 Nan pòsyon tè moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton,
24 lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo.
25 Nan pòsyon tè pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bèt yo.
26 Antou yo te bay rès moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bèt yo.
27 Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo.
28 Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tè ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera,
29 lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bèt yo.
30 Yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon,
31 lavil Elkat, lavil Reyòb ansanm ak tout savann pou bèt yo.
32 Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo.
33 Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo.
34 Pou rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata,
35 lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo.
36 Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa,
37 lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo.
38 Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim,
39 lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo.
40 Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa.
41 Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo.
42 Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo.
43 ¶ Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'.
44 Seyè a te fè yo gen lapè sou tout fwontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Ankenn lènmi pa t' resi kenbe tèt ak yo. Seyè a te lage tout lènmi yo nan men yo.
45 Seyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomèt la.
1 ¶ Teofil monchè: Nan premye liv mwen an, mwen te rakonte tou sa Jezi te fè ak tout bagay li te moutre pèp la, depi nan konmans man,
2 jouk jou li moute nan syèl la. Anvan l' te moute a, li te pale ak moun li te chwazi pou sèvi apòt. Avèk pouvwa Sentespri sou li, li ba yo lòd sa pou yo fè.
3 Apre lanmò li, li te parèt plizyè fwa devan yo. Li te ba yo divès prèv li te vivan ankò. Pandan karant jou, li fè yo wè l', li pale yo sou peyi kote Bondye wa a.
4 Yon jou yo t'ap manje ansanm, Jezi ba yo lòd sa a: Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t'ap pale nou an.
5 Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a.
6 ¶ Lè sa a, moun ki te reyini bò kot Jezi yo pran mande li: Mèt, èske se koulye a ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l' ankò?
7 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li.
8 Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
9 Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo.
10 Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè dezòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo.
11 Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la.
12 ¶ Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa.
13 Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la.
14 Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.
15 ¶ Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di:
16 Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.
17 Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an.
18 (Avèk lajan yon te ba l' pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò.
19 Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akeldama, ki vle di: jaden san an.)
20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pesonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la.
21 Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Seyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Seyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a,
22 depi lè Jan te batize l' la jouk jou li te kite nou an pou l' moute nan syèl la.
23 Yo bay non de moun: Jozèf, yo te rele Basabas ki te gen yon ti non Jistis, epi Matyas.
24 Apre sa, yo lapriyè konsa: Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo,
25 pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou li al kote ki te pou li a.
26 Apre sa, yo tire osò: se Matyas ki soti. Se konsa yo mete l' ansanm ak onz apòt yo.
10 ¶ Men, koute sa Seyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo.
2 Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.
3 Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
4 Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe.
5 Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal.
6 Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.
7 Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou!
8 Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?
9 Ajan an, se nan peyi Tasis li soti an fèy plat. Lò a soti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal violèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men.
10 Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
11 Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.
12 Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
13 Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo.
14 Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
15 Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
16 Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.
17 ¶ Nou menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou. Ranmase pakèt nou!
18 Men sa Seyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.
19 Moun Jerizalèm yo rele: -Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte.
20 Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pesonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pesonn pou moute rido nou yo.
21 Mwen reponn: -Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pa t' kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad.
22 Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete.
23 Seyè, mwen konnen pesonn pa mèt tèt yo, pesonn pa ka kontwole kote yo prale.
24 Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'.
25 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
24 ¶ Jezi soti nan tanp lan, li tapral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l' wè ki jan tanp lan te byen bati.
2 Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
3 Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?
4 ¶ Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.
5 Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.
6 Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
7 Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.
8 Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
9 Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.
10 Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt.
11 Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.
12 Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.
13 Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.
14 Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
15 Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)
16 Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn.
17 Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la.
18 Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj.
19 Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo.
20 Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.
21 Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.
22 Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
23 Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li.
24 Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
25 Mwen di nou sa davans.
26 Se pou si yo di nou: Gade, men l' nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l' kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo.
27 Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.
28 Kote kadav la va ye a, se la votou yo va sanble.
29 Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.
30 Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
31 Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
32 ¶ Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou.
33 Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.
34 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
35 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.
36 Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
37 Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini.
38 Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an.
39 Yo pa t' konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.
40 Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
41 Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
42 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.
43 Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la.
44 Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
45 Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
46 Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li.
47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo.
48 Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.
49 L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè.
50 Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen.
51 L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.