M’Cheyne Bible Reading Plan
Pyè ak Kònèy
10 Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali. 2 Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan. 3 Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!”
4 Kònèy gade anj lan fiks epi nan perèz li, li di anj lan: “Ki sa w vle, mèt?” Zanj lan reponn li: “Bondye tande priyè w yo epi li wè tout byen ou te fè pou pòv yo. Li sonje w ansanm ak tout byen ou te fè yo.
5 Kounye a, voye kèk moun al lavil Jope pou y al chache yon nonm yo rele Simon. Li gen yon ti non Pyè. 6 Li fè ladesant lakay yon lòt Simon ki limenm se yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a.” 7 Lè anj lan fin pale konsa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou. 8 Kònèy rakonte mesye yo tout sa k te pase a epi li voye yo ale Jope.
9 Nan demen, bò midi, mesye yo te prèske rive Jope lè Pyè monte sou tèt kay la pou l priye. 10 Pyè te vin grangou, li te anvi manje. Pandan yo t ap pare manje pou li, li fè yon vizyon. 11 Li wè syèl la louvri epi yon bagay t ap desann sot nan syèl la. Li te sanble ak yon gwo dra mare nan kat pwent y ap file desann sou latè. 12 Nan dra sa a, te gen tout kalite bèt kat pat, bèt ki trennen sou vant, ak tout kalite zwazo. 13 Li tande yon vwa ki di l: “Pyè, leve, touye epi manje.”
14 Men, Pyè reponn: “Non Mèt, mwen pa janm manje manje ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje mwen gen dwa manje.”
15 Lè sa a, vwa a di l ankò: “Bondye gentan rann bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje.” 16 Sa rive konsa pandan twa fwa. Apre sa, dra a tounen monte nan syèl la ankò. 17 Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an genyen. Pandan tan sa a, mesye yo te gentan jwenn kay kote Simon te ye a. Yo te gentan rive nan pòt la.
18 Yo mande: “Èske se isit la Simon yo rele Pyè a fè ladesant?”
19 Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an toujou lè Sentespri a di li: “Koute, gen twa mesye k ap mande pou ou.” 20 Leve, desann anba a epi pati ak yo. Ou pa bezwen doute anyen, paske se mwen menm ki voye yo. 21 Konsa, Pyè desann, l al jwenn mesye yo epi li di: “M kwè se mwen menm n ap chache. Ki sa k mennen nou isit la?”
22 Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.” 23 Pyè fè mesye yo antre epi l mande yo rete pase nuit lan. Nan demen maten, Pyè leve, li pati ak mesye yo. Kèk frè nan lavil Jope pati avè l tou.
24 Nan demen ankò, mesye yo rive Sezare. Kònèy menm t ap tann yo. Li te gentan rasanble tout fanmi l ansanm ak kèk zanmi li tou.
25 Parèt Pyè parèt nan pòt la, Kònèy al rankontre l. Li jete kò l ajenou nan pye Pyè pou l adore l. 26 Men, Pyè fè l leve. Li di l: “Leve! Se yon senp moun mwen ye.” 27 Pyè kontinye pale ak Kònèy. Apre sa li antre nan kay la epi li wè yon bann moun te rasanble.
28 Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye. 29 Se poutèt sa, lè ou voye chache m, mwen vini san m pa ezite. Kounye a, mwen ta vle konnen poukisa ou te voye chache m.”
30 Lè sa a, Kònèy di: “Sa fè kat jou, m t ap priye lakay mwen, nan menm lè sa a, twazè apremidi. Sanzatann konsa, mwen wè yon nonm ak yon rad byen klere sou li kanpe devan m. 31 Li di m: Kònèy, Bondye tande priyè w. Li wè tout byen ou fè pou pòv yo tou. Li sonje w ak tout sa w fè. 32 Voye kèk moun nan lavil Jope al chache Simon yo rele Pyè a. Li fè ladesant lakay yon lòt Simon, yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a. 33 Menm kote a, mwen voye chache w. Li byen bon ou vini. Kounye a, men nou tout la devan Bondye. Nou pare pou n koute tout sa Senyè a pase w lòd di nou.”
Diskou Pyè lakay Kònèy
34 Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun. 35 Li aksepte tout moun ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat, nan kèlkeswa nasyon yo soti. 36 Bondye te pale ak pèp Izrayèl la. Li fè yo konnen Bòn Nouvèl la ki di lapè a vini nan Jezikris. Jezikris sa a se Senyè sou tout moun.
37 Nou konnen kisa k te rive nan tout rejyon Jide a. Bagay sa yo te kòmanse nan Galile apre Jan te fin preche batèm repantans lan. 38 Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li.
39 Nou te temwen tout sa Jezi te fè nan tout rejyon Jide a ak nan Jerizalèm. Malgre sa, yo touye l epi yo mete l sou yon kwa ki fèt an bwa. 40 Sou twa jou, Bondye resisite l epi li fè moun wè l vivan ankò. 41 Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a.
42 Li ban nou lòd pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay pèp la; pou n al fè konnen se Jezi menm Bondye chwazi pou jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. 43 Tout pwofèt yo te gentan pwofetize pawòl sa a konsènan Jezi: Nenpòt moun ki mete konfyans li nan Jezi ap resevwa padon pou peche l yo, grenmesi puisans non Kris la.”
Bondye montre li aksepte tout moun
44 Pyè t ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t ap tande l yo. 45 Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou. 46 Paske yo te tande moun yo ap pale divès lang epi yo t ap fè lwanj pou Bondye. Lè sa a Pyè di: 47 “Kilès ki ka anpeche moun sa yo batize nan dlo, poutèt yo resevwa Sentespri a menm jan avèk nou?” 48 Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Lik 8:26-39)
5 Jezi ak disip li yo ale lòt bò lak la nan peyi Jerazenyen[a] yo. 2 Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi. 3 Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn. 4 Souvan yo te anchene pye l ak men l, men li kase chenn yo. Pa t gen yon moun ki te gen fòs ase pou metrize l.[b] 5 Lajounen kou lannuit nonm nan te nan tonb yo epi sou mòn yo ap rele byen fò epi l ap blese kò l ak wòch.
6 Pandan Jezi te byen lwen ap vini, nonm lan wè li. Li kouri vin sou Jezi epi li mete ajenou devan l. 7-8 Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”
9 Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?”
Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon,[c] paske nou anpil.” 10 Movèzespri yo nan tèt nonm lan t ap soupriye Jezi anpil pou l pa t mete yo deyò nan zòn sa a.
11 Toupre a, te gen yon twoupo kochon ki t ap manje sou yon ti mòn. 12 Movèzespri yo di Jezi: “Voye nou sou kochon sa yo pito. Kite nou antre nan yo.” 13 Jezi pèmèt yo fè sa. Movèzespri yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo te anviwon 2,000 konsa.
14 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. Pèp la te vin gade sa k te rive. 15 Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil. 16 Moun sa yo ki te wè aksyon an eksplike lòt moun sa ki te rive nonm ki te gen demon sou li a. Yo rakonte tou sa ki rive kochon yo. 17 Alò moun nan zòn te kòmanse mande Jezi pou li kite zòn nan.
18 Pandan Jezi ta pral monte nan bato a, nonm ki te gen demon sou li a di Jezi: “Èske m kapab akonpanye w?” 19 Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”
20 Konsa nonm nan ale, epi li kòmanse rakonte nan tout zòn yo rele dis vil yo sa Jezi fè pou li. Tout moun ki te tande l te sezi.
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mat 9:18-26; Lik 8:40-56)
21 Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la. 22 Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l. 23 Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, konsa li va geri, li va viv.”
24 Se konsa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt.
25 Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan. 26 Doktè yo te fèl soufri anpil. Li te depanse tou sa li te posede. Poutan sante l pa t vin miyò, okontrè se pi mal li te vin pi mal.
27 Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi, 28 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” 29 E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. 30 Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?”
31 Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”
32 Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. 33 Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. 34 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”
35 Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”
36 Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”
37 Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. 38 Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. 39 Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” 40 Moun ki te la yo pete ri Jezi.
Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. 41 Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” 42 La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. 43 Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.
Copyright © 2017 by Bible League International