M’Cheyne Bible Reading Plan
Pyè geri yon mandyan ki te estwopye
3 Yon jou, Pyè ak Jan t ap monte nan Tanp lan vè twazè nan apremidi. Se nan lè sa yo te konn fè lapriyè nan Tanp lan.[a] 2 Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite. 3 Lè nonm nan wè Pyè ak Jan t apral antre nan Tanp lan, li mande yo lacharite.
4 Men, Pyè ak Jan gade nonm nan fiks epi Pyè di li: “Gade nou!” 5 Nonm estwopye a gade mesye yo. Li te met nan tèt li yo t apral ba l yon ti kòb. 6 Konsa, Pyè di li: “Mwen pa gen ni lajan ni lò pou m ba ou, men sa m genyen an, se li m ap ba ou. Nan non Jezikris, moun Nazarèt la,[b] leve w mache.”
7 Apre sa, Pyè pran men dwat nonm estwopye a, li fè l kanpe. Menm kote a, pye li ansanm ak zo nan je pye l yo vin byen fèm. 8 Nonm nan fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l, epi li kòmanse mache. Li antre nan Tanp lan ansanm ak Pyè ak Jan, l ap mache, l ap ponpe, l ap fè lwanj pou Bondye. 9 Tout moun ki te la yo te wè nonm nan ap mache, ap fè lwanj pou Bondye. 10 Yo te wè aklè se te menm nonm sa a ki te konn chita bò Bèl pòt Tanp lan ap mande lacharite a. Sa te fè yo sezi, yo te etone wè sa k pase a.
Pyè pale ak pèp la
11 Depi nonm nan te fin geri a, li pa t janm lache Pyè ak Jan yon may. Tout moun yo te sezi wè sa k te pase a epi yo te vin rasanble devan Pyè ak Jan, anba galeri Salomon an nan Tanp lan.
12 Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi konsa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye? 13 Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l. 14 Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl[c] ban nou olye pou l ta lage Jezi. 15 Se konsa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.
16 Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt konsa a epi l ap mache devan je nou tout.
17 Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen. 18 Men, Bondye te gentan anonse tout bagay sa yo deja pa mwayen pwofèt li yo depi lontan. Li te gentan di Kris la te gen pou l soufri epi mouri, se bagay sa yo ki rive vre. 19 Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo. 20 Lè sa a, Bondye va ban nou repo espirityèl pou nanm nou devan Li. L ap voye Jezikris, moun Bondye chwazi a, ban nou ankò.
21 Men, li nesesè pou Jezi rete nan syèl la jouktan lè a rive pou Bondye Papa a restore yon relasyon ki dwat ant Bondye ak limanite. Bondye te pale de gran restorasyon sa a depi byen lontan deja nan bouch pwofèt li yo. 22 Sou koze sa a, men sa Moyiz te ekri: Senyè Bondye nou an ap voye yon pwofèt ban nou menm jan li te voye m nan. Se youn nan pami nou l ap ye. Nou fèt pou n bay tout pawòl li di nou yo valè. 23 Nenpòt moun ki refize koute pwofèt sa a, y ap touye li. Y ap retire li nèt pami pèp Bondye a.[d]
24 Depi pwofèt Samyèl, pase pran tout lòt pwofèt ki te vin apre l yo, yo tout te anonse tan sa t ap vini. 25 Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.[e] 26 Se konsa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”
Plan pou touye Jezi
(Mak 14:1-2; Lik 22:1-2; Jan 11:45-53)
26 Apre Jezi fin pale tout pawòl sa yo, li di disip li yo: 2 “Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.”
3 Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo. 4 Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li. 5 Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo.
Yon dam fè lwanj pou Jezi
(Mak 14:3-9; Jan 12:1-8)
6 Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la, 7 yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje.
8 Lè disip yo wè sa, yo fache ak dam lan. Yo kòmanse ap di: “Pouki kalite gaspiyaj sa a? 9 Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.”
10 Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen. 11 N ap toujou gen pòv avèk nou,[a] men nou p ap toujou genyen m avèk nou. 12 Pafen dam nan vide sou mwen an, se prepare l ap prepare kadav kò m pou antèman apre m fin mouri. 13 An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”
Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo
(Mak 14:10-11; Lik 22:3-6)
14 Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo, 15 epi l di yo: “Ki sa n ap ban m si m livre Jezi ba nou?” Konsa, yo ofri l trant pyès lajan. 16 Depi lè sa a, Jida ap veye yon okazyon favorab pou l trayi Jezi.
Repa fèt Pak la
(Mak 14:12-21; Lik 22:7-14,21-23; Jan 13:21-30)
17 Nan premye jou fèt Pen san leven an, disip Jezi yo pwoche bò kote l, epi yo mande l: “Ki kote w vle pou nou fè preparasyon repa fèt Pak la pou ou?”
18 Li reponn yo: “Ale nan vil la kay entèl, di li: Mèt la di: lè m nan pa lwen rive. Se lakay ou m ap manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo.” 19 Disip yo fè jan Jezi te di yo a, epi yo prepare fèt Pak la.
20 Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. 21 Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.”
22 Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?”
23 Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. 24 Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.”
25 Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi,[b] èske se mwen?”
Jezi reponn li: “Se ou ki di l!”
Repa Senyè a
(Mak 14:22-26; Lik 22:15-20; 1 Kor 11:23-25)
26 Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.”
27 Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! 28 Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. 29 M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.”
30 Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.
Jezi anonse disip yo pral abandone l
(Mak 14:27-31; Lik 22:31-34; Jan 13:36-38)
31 Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la:
M ap touye bèje a,
epi mouton yo ap gaye toupatou.[c]
32 Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”
33 Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.”
34 Jezi reponn li: “An verite, m ap di w sa: aswè a menm, anvan menm kòk chante, w ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.”
35 Pyè di li: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, m p ap janm di m pa konnen w.” Epi tout lòt disip yo di menm bagay la tou.
Jezi ap priye poukont li
(Mak 14:32-42; Lik 22:39-46)
36 Apre sa Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: “Rete la! M pral yon ti kras pi lwen pou m al lapriyè.” 37 Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 38 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”
39 Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans[d] sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.” 40 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn y ap dòmi. Li di Pyè: “Sa vle di, ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 41 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”
42 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.”
43 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn disip yo ap dòmi paske je yo te twò lou pou yo te ret ouvè. 44 Konsa, li fè yon deplase ankò, epi l fè menm priyè l te gen tan fè de fwa deja.
45 Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo. 46 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”
Yo arete Jezi
(Mak 14:43-50; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)
47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton. 48 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l.” 49 Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi.
50 Men Jezi di l: “Zanmi m, sa ou vin pou fè a, fè l.”
Apre sa, moun ki te avèk Jida yo, pwoche bò kot Jezi epi yo met men sou li, yo arete l. 51 Youn nan moun ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li atake sèvitè Chèf Prèt la, li koupe zòrèy li.
52 Jezi di moun ki te rale nepe a: “Mete nepe a nan fouwo l. Moun ki goumen ak nepe, nepe k ap touye l. 53 Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj? 54 Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.”
55 Lè sa a, Jezi di foul la: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te chita nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? 56 Antouka, sa pase konsa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.
Jezi devan lidè relijye yo
(Mak 14:53-65; Lik 22:54-55,63-71; Jan 18:13-14,19-24)
57 Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble. 58 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fini.
59 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo touye l. 60 Men yo pa t ka jwenn anyen malgre te gen anpil fo temwen ki t ap eseye fè manti sou li. Finalman gen de pami yo ki pase devan, 61 epi yo di: “Misye[e] te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.”
62 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe epi l di Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 63 Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi.
Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?”
64 Jezi reponn li: “Sa ou di a se sa. Men kite m di w yon bagay: Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”
65 Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye. 66 E nou menm, sa nou di?”
Yo reponn li: “Li merite lanmò.”
67 Epi, yo kòmanse krache nan figi Jezi. Genyen ki ba l kout pwen. Gen lòt ki ba l souflèt. 68 Yo di li: “Ey Mesi, ba nou prèv ou se yon vrè pwofèt. Di nou ki lès ki frape w la?”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mak 14:66-72; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18,25-27)
69 Pandan tan sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Youn nan sèvant Granprèt la di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a.”
70 Men, Pyè demanti l devan tout moun. Li di sèvant lan: “M pa konn sa w ap di la a.”
71 Apre sa li deplase, l ale bò baryè pou antre nan lakou Granprèt la. Yon lòt sèvant di moun ki te la yo: “Nonm sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.”
72 Pyè demanti dam nan. Epi fwa sa a, li fè sèman pou l di: “M pa janm konnen nonm sa a.”
73 Yon ti tan apre, moun ki te kanpe toupre Pyè yo pwoche bò kote l, yo di l: “Nan jan w pale a, nou sèten ou se youn ladan yo.”
74 Lè sa a, Pyè kòmanse fè sèman pou madichon tonbe sou li si l ap bay manti, epi l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Li patko menm fèmen bouch li lè yon kòk te kòmanse chante. 75 Lè sa a Pyè sonje pawòl Jezi a: “Anvan kòk chante aswè a ou ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè soti deyò, epi l kriye tankou moun ki gen gwo doulè.
Copyright © 2017 by Bible League International