M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi kritike lidè relijye yo
(Mak 12:38-40; Lik 11:37-52; 20:45-47)
23 Jezi te kòmanse pale ak foul la ansanm ak disip li yo, li di: 2 “Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete[a] Lalwa Moyiz la. 3 Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. 4 Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.[b]
5 Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè[c] yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj[d] nan manto yo pi long pase pa lòt moun. 6 Yo renmen plas devan nan resepsyon. Yo renmen plas kote moun ka wè yo lè y al nan sinagòg. 7 Lè yo sou laplas piblik, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè, yo renmen lè moun rele yo Mèt.
8 Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè. 9 Pa rele okenn moun sou latè Papa, paske se yon sèl papa nou genyen, epi se nan syèl li ye. 10 Pa kite okenn moun rele w Mèt, paske nou gen yon sèl mèt, se Kris la. 11 Moun ki pi enpòtan pami nou, se sila a k ap sèvi lòt moun yo. 12 Nenpòt moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.
13 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. 14 [e]
15 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou.
16 Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. 17 Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a?
18 Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. 19 Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? 20 Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. 21 Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. 22 Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li.
23 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi.[f] Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. 24 Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo.
25 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. 26 Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon.
27 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete. 28 Se menm jan pou nou tou, nanpwen moun ki pi sen pase nou sou deyò, men anndan nou plen ak ipokrizi ak mechanste.
29 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bati tonm pou pwofèt yo, pou n montre anpil onè pou kav moun ki jis yo, 30 epi nou di si nou te viv nan tan zansèt yo, nou pa t gen anyen pou wè ak lanmò pwofèt yo. 31 Konsa nou rekonèt nou se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo. 32 Enben, an avan non! Nou mèt fini travay zansèt nou te kòmanse a!
33 Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a? 34 Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt.
35 Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari,[g] pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. 36 M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a.
Jezi bay avètisman pou Jerizalèm
(Lik 13:34-35)
37 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 38 Men kounye a, kay ou a pral rete vid. 39 Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”[h]
23 Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.” 2 Ananyas,[a] ki te pi gran sakrifikatè a lè sa a, li te la tou. Lè l tande Pòl di pawòl sa yo, li pase moun ki te toupre Pòl yo lòd pou bay Pòl yon kalòt. 3 Lè sa a, Pòl di: “Ou menm se Bondye k ap frape w! Miray blanchi! Gade w chita la pou jije m selon lalwa, epi gade w mande pou yo frape m, epi se yon bagay ki kont lalwa!”
4 Moun ki te la yo di Pòl konsa: “W ap manke pi gran sakrifikatè Bondye a dega!”
5 Pòl reponn: “Frè m yo, m pa t konn si se te pi gran sakrifikatè a; paske m konnen pawòl la di: Nou pa dwe di anyen mal kont yon chèf ki nan mitan pèp ou a.”[b]
6 Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”
7 Menm kote Pòl fin di sa a, yon diskisyon pete ant Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi gwoup la divize. 8 Sadiseyen yo pa t kwè ni nan moun mouri gen pou leve, ni nan anj, ni nan espri, epi Farizyen yo te kwè nan tout bagay sa yo. 9 Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.”
10 Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan.
11 Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se konsa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”
Kèk Jwif ap fè konplo pou touye Pòl
12 Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. 13 Te gen plis pase karant Jwif ki t ap prepare konplo sa a kont Pòl. 14 Jwif sa yo t al jwenn chèf prèt yo ansanm ak ansyen lidè yo, yo di yo: “Nou fè sèman sou tèt nou pou nou pa ni manje ni bwè toutotan nou pa touye Pòl. 15 Kidonk, nou menm, se pou nou aranje nou ak Gran konsèy la pou n al mande kòmandan an pou l mennen Pòl devan nou, sou pretèks nou bezwen poze l kèk kesyon toujou. Nou menm, nou pare pou n gentan touye l depi nan wout, anvan menm li rive devan nou.”
16 Men, yon neve Pòl, pitit sè li, tande koze konplo a ap pale. L al nan kazèn nan, l al mete Pòl okouran. 17 Konsa, Pòl rele youn nan ofisye sòlda yo, li di l: “Mennen ti jenn nonm sa a kot kòmandan an. Li gen yon mesaj pou li.” 18 Konsa, ofisye a mennen neve Pòl la bay kòmandan an. Ofisye a di kòmandan an: “Prizonye yo rele Pòl la mande m pou m mennen ti jenn nonm sa a ba ou, paske li gen yon mesaj pou ou.”
19 Kòmandan an mennen ti jenn nonm nan yon kote apa pou l ka alèz pou l pale; epi kòmandan an mande l: “Ki sa ou gen pou di m nan?”
20 Neve Pòl la di kòmandan an konsa: “Gen kèk Jwif ki deside mande w pou mennen Pòl devan Gran konsèy Jwif yo demen sou pretèks yo bezwen poze l kèk kesyon toujou. 21 Pa kwè yo! Gen plis pase karant Jwif k ap kache pou veye Pòl nan wout la pou yo touye l. Yo sèmante sou tèt yo pou yo pa ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. Se tann y ap tann pou w ta di wi w ap mennen Pòl desann.”
22 Kòmandan an mande ti jenn nonm nan pou l pa di pèsonn si l te mete l okouran de konplo a, epi li voye l ale.
Yo voye Pòl nan vil Sezare
23 Kòmandan an rele de (2) ofisye lame a epi li di yo: “Prepare 200 sòlda, 70 kavalye ansanm ak 200 gèrye ame ak lans pou yo pati pou lavil Sezare aswè a menm a nevè diswa. 24 Prepare kèk cheval tou pou Pòl pou nou ka mennen l bay gouvènè Feliks pou mwen sen epi sof.” 25 Apre sa, kòmandan an ekri yon lèt. Men sa k te ladan l:
26 Klod Lizyas,
voye bonjou pou chèf li
gouvènè Feliks.
27 Jwif yo te mete men sou nonm sa a m voye ba ou a, yo te menm ap chache touye l. Men, lè m vin konnen se sitwayen Women l ye, m antre nan foul la ansanm ak sòlda m yo, nou delivre l. 28 M te kirye pou m konnen ki akizasyon yo te gen kont li, sa te fè m fè yo mennen l devan Gran Konsèy Jwif yo. 29 M vin aprann yo t ap repwoche l kèk bagay, men sa yo se bagay ki gen pou wè ak lalwa yo a, men pa t gen anyen ki pou ta fè nonm sa a merite ni prizon ni lanmò. 30 Yo te aprann mwen tou te gen kèk Jwif ki t ap marinen yon konplo pou asasinen l. Konsa, m deside voye l ba ou. M di Jwif yo tou pou yo di w ak bouch pa yo kisa yo genyen kont li.
31 Sòlda yo te fè egzakteman sa kòmandan an te pase yo lòd fè a. Yo pran Pòl, epi nan lannuit lan menm, yo mennen l nan lavil Antipatris. 32 Nan landmen, kavalye yo kontinye wout la ak Pòl ale Sezare; sòlda yo menm, ansanm ak gèrye ki te ame ak lans yo te retounen nan vil Jerizalèm. 33 Lè kavalye yo rive Sezare, yo remèt lèt la bay gouvènè Feliks epi yo prezante Pòl ba li.
34 Lè Feliks fin li lèt la, li mande Pòl: “Nan ki pwovens ou soti?” Gouvènè a vin aprann Pòl soti Silisi. 35 Lè sa a, li di Pòl: “M ap gen pou tande ka w la lè Jwif k ap akize w yo va rive.” Apre sa, gouvènè a pase lòd pou yo fèmen Pòl nan palè Ewòd la.
Copyright © 2017 by Bible League International