M’Cheyne Bible Reading Plan
1 Ansyen[a] an ap salye nou.
M ap voye lèt sa a bay dam[b] Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a[c] ki renmen nou.
2 Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan. 3 Se pou gras, mizerikòd ak kè poze ki soti nan Bondye Papa a, ak nan Jezikris pitit Bondye a avè w pandan ou ap mache nan verite a ak nan lanmou.
4 Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la. 5 Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt. 6 Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.
7 Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun konsa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la. 8 Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou[d] te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou.
9 Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun konsa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la. 10 Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l. 11 Paske yon moun ki antre nan kominyon ak yon moun konsa vin patisipe nan move zak l ap komèt.
12 Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt. 13 Pitit sè[e] w la, sila a Bondye te chwazi a, yo voye bonjou pou ou.
Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye
(Mak 12:41-44)
21 Jezi leve tèt li gade epi li wè moun rich yo k ap mete kòb nan bwat ofrann yo nan tanp lan. 2 Li wè tou yon pòv vèv ki mete de ti pyès lajan nan bwat la. 3 Jezi di: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete pi plis pase tout lòt moun yo. 4 Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.”
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mat 24:1-14; Mak 13:1-13)
5 Etan kèk moun t ap pale de jan tanp lan bèl, jan l byen dekore ak bèl wòch epi ak tout bèl kado moun te ofri bay Bondye, Jezi di konsa:
6 “Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.”
7 Lè sa a, disip yo tonbe poze l kesyon, yo di: “Mèt, ki lè bagay sa yo ap rive? Ki siy k ap fè nou konnen bagay sa yo prèt pou rive?”
8 Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a.[a] Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo. 9 Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.”
10 Apre sa, li di yo: “Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt. 11 Pral gen gwo tranblemanntè ak grangou, epi maladi ap touye moun nan anpil kote. Va gen bagay tèrib ak gwo siy k ap parèt nan syèl la.
12 Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm. 13 Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen. 14 Kidonk, kenbe sa byen nan tèt nou. Pa fatige kò nou pou konnen kijan nou pral defann tèt nou. 15 Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo. 16 Se pwòp paran nou, frè nou, fanmi nou, oubyen zanmi nou k ap denonse nou. Y ap menm fè touye anpil nan nou. 17 Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen. 18 Men, menm yon branch cheve nan tèt nou p ap pèdi. 19 Nan pèsevere nan lafwa nan mitan bagay sa yo, n a sove lavi nou.
Destriksyon Jerizalèm
(Mat 24:15-21; Mak 13:14-19)
20 Lè n a wè yon pakèt lame sèke Jerizalèm toutotou, n a konnen lè a rive pou yo detwi li. 21 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki nan kè lavil Jerizalèm nan menm ta dwe kouri soti. Moun ki te nan jaden menm, pa ta dwe chache antre lakay. 22 Paske jou sa yo se jou kote Bondye pral jije pèp li a. Sa pwofèt yo te ekri yo nan Bib la pral rive vre. 23 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris, paske pral gen gwo dezolasyon sou peyi a. Bondye pral pini moun sa yo, paske li fache kont yo. 24 Y ap touye yo ak kout nepe. Y ap depòte yo nan tout lòt peyi yo. Lavil Jerizalèm menm, moun lòt nasyon yo ap detwi l epi kontwole l, jouktan tan yo te ba yo a fin akonpli.
Nou pa bezwen pè
(Mat 24:29-31; Mak 13:24-27)
25 Pral gen siy k ap parèt nan solèy la, nan lalin nan, ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout moun lòt nasyon yo pral pran tranble. Yo p ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ak vag li yo k ap frape. 26 Moun gen pou endispoze, tèlman y ap pè, poutèt bagay ki pral rive sou latè. Epi puisans nan syèl yo pral tranble. 27 Apre sa, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 28 Lè nou wè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe djanm, pa pè, paske lè a prèske rive pou Bondye vin delivre nou.”
Pawòl mwen p ap janm pase
(Mat 24:32-35; Mak 13:28-31)
29 Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Gade pye fig sa a. Gade tout lòt pyebwa yo. 30 Lè nou wè y ap pouse fèy vèt, nou tou konnen lete prèt pou rive. 31 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Wayòm Bondye a pa lwen pou l rive.
32 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 33 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen ap rete pou tout tan.”
Rete toujou pare
34 “Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare. 35 Paske jou sa a ap rive sanzatann sou tout moun ki sou latè. 36 Kidonk, se pou n toujou pare tout tan. Priye pou n kapab chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive epi pou nou ka kanpe devan Pitit Lòm nan.”
37 Pandan lajounen, Jezi te anseye moun yo nan tanp lan, men, nan aswè li te toujou kite vil la, l al pase nuit la sou mòn yo rele mòn Oliv la. 38 Chak maten, tout moun yo te leve byen bonè pou yo vin tande ansèyman Jezi yo nan tanp lan.
Copyright © 2017 by Bible League International