Add parallel Print Page Options

14 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la,[a] tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 15 Moun ki sou tèt kay yo p ap bezwen desann pou antre pran afè yo anndan kay la. 16 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.

17 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris. 18 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive pandan livè. 19 Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:14 sila a k ap detwi tout bagay la Gade nan Dan 9:27; 11:31; 12:11.