M’Cheyne Bible Reading Plan
22 Zanj lan montre m yon gwo larivyè dlo ki bay lavi. Li klè menm jan ak kristal. Rivyè dlo sa a soti nan fotèy Bondye a, ansanm ak Ti Mouton an. 2 Nan mitan gran ri ki nan vil la, sou de bò gwo larivyè a, gen yon pye bwa ki bay lavi ki donnen douz rekòt, chak mwa li donnen. Fèy pye bwa sa a se remèd pou geri nasyon yo.
3 P ap gen anyen modi nan vil sa a. Fotèy Bondye ansanm ak Ti Mouton an ap nan vil sa a. Moun k ap sèvi l yo, y ap fè sèvis pou adore l. 4 Y ap wè l fasafas epi non l ap ekri nan fon yo. 5 P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan.
6 Zanj lan di m konsa: “Se bon jan pawòl m ba w la, wi! Senyè a, Bondye ki dirije lespri pwofèt yo, li voye zanj li pou montre sèvitè l yo sa ki gen pou vini nan yon ti tan ankò.”
7 Jezi di yo: “Koute, m ap vini nan yon ti tan ankò. Va gen anpil benediksyon pou moun ki fè sa pwofèt yo di nan liv sa a.”
8 Mwen menm se Jan. Se mwen k te tande epi ki te wè bagay sa yo. Lè m gade m wè yo, m tonbe nan pye zanj ki t ap montre yo a, pou m koube mete ajenou devan l. 9 Men li di m konsa: “Pa fè bagay konsa! M se yon sèvitè menm jan avè w, menm jan ak frè w yo, pwofèt yo, menm jan ak tout moun k ap pratike pawòl ki nan liv sa a. Koube w pou adore Bondye pito!”
10 Lè sa a, zanj lan di m: “Pa kache pwofesi ki nan liv sa a. Lè a prèske rive pou yo akonpli. 11 Moun k ap fè sa ki mal, y ap fè plis sa ki mal toujou. Moun ki pa pwòp pou Bondye ap vin pi mal. Moun k ap fè sa ki byen ap kontinye fè sa ki byen. Moun ki apa pou Bondye, y ap kontinye mete yo apa pou Bondye.”
12 Nan yon ti tan ankò, m ap vini. M ap vini ak rekonpans, pou m bay chak moun dapre sa yo te fè. 13 M se Alfa ak Omega, se mwen ki premye ak dènye.
14 Benediksyon pou moun ki lave rad[a] yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la! 15 Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.
16 Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.
17 Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.
18 Mwen menm, m deklare pawòl pwofesi ki nan liv sa a pou nenpòt moun: Si yon moun mete plis nan sa ki di la a, Bondye ap mete pi plis sou kalamite ki ekri nan liv sa a pou li. 19 Epi si yon moun ta wete nan pawòl pwofesi ki nan liv sa a, Bondye ap retire pòsyon pa l la nan pyebwa lavi a, ansanm ak plas pa l nan lavil Bondye a, jan sa ekri nan liv sa a.
20 Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.”
Amèn! Vini non, Senyè Jezi!
21 Se pou gras Senyè Jezi rete poze sou nou tout.
Jezi parèt sou sèt disip
21 Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile[a] a. Men kijan sa te pase: 2 Simon Pyè, Toma yo te rele Didim[b] nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm. 3 Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.”
Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.
4 Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi. 5 Li di yo: “Mesye m yo,[c] nou pa gen anyen ki ka manje?”
Yo reponn li: “Non.”
6 Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l.
7 Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a. 8 Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt[d] konsa. 9 Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou. 10 Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.”
11 Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12 Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a. 13 Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an.
14 Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.
Jezi ap pale ak Pyè
15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?”
Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”
Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton[e] m yo.”
16 Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”
Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”
Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.”
17 Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”
Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?”
Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.” 18 An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale. 19 Jezi te pale konsa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”
20 Pyè voye je gade dèyè, li wè disip Jezi te renmen an dèyè l, disip ki te panche kò l sou Jezi lè yo t ap manje a epi ki te di: “Senyè, kilès k ap trayi w la?” 21 Lè l wè li, Pyè di Jezi: “E li menm, Senyè, kisa k ap rive l?”
22 Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”
23 Se pawòl sa yo yo te pran pou yo fè bri kouri pami frè yo pou di disip sa a pa t ap janm mouri. Men Jezi pa t janm di li pa t ap mouri, men: “Si mwen vle l rete jouktan m vini, ki mele w.”
24 Se disip sa a ki rakonte bagay sa yo, epi ki ekri yo. Nou konnen sa li di se verite a.
25 Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yo ta ekri yo youn apre lòt, m panse lemonn antye pa ta kapab kenbe tout liv yo ta ekri.
Copyright © 2017 by Bible League International