M’Cheyne Bible Reading Plan
Pitit Bondye ranpòte laviktwa sou mond lan
5 Nenpòt moun ki kwè Jezi se Kris la, li se pitit Bondye, epi nenpòt ki moun ki renmen Papa a, li renmen pitit Papa yo tou. 2 Kòman nou kapab konnen nou renmen pitit Bondye yo? Se lè nou renmen Bondye epi lè nou obeyi kòmandman li yo. 3 Paske, men kisa sa vle di renmen Bondye: se obeyi kòmandman li yo, epi kòmandman li yo pa twò difisil. 4 Nou konnen tout moun ki pitit Bondye genyen laviktwa sou mond lan, epi sa ki bay laviktwa sou mond lan se lafwa nou. 5 Kilès ki gen laviktwa sou mond lan, èske se pa moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye a?
Bondye te pale nou de Pitit li a
6 Jezikris, se li menm ki te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san.[a] Li pa t vini pa mwayen dlo sèlman, men li te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Lespri di nou sa a se verite a, paske Lespri se verite a. 7 Konsa, nou genyen twa temwayaj sou Jezi Jezikris: 8 Lespri, dlo ak san, epi toulètwa temwayaj yo ale nan menm sans.
9 Si nou resevwa temwayaj lèzòm, enben temwayaj Bondye a pi gran. Men temwayaj Bondye a: Li rann temwayaj pou pwòp Pitit li a. 10 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a. 11 Men temwayaj la: Bondye te ban nou lavi etènèl, epi lavi sa se nan Pitit la li ye. 12 Moun ki kwè nan Pitit la genyen lavi, moun ki pa kwè nan Pitit la pa genyen lavi.
Kounye a nou deja gen lavi etènèl
13 Mwen ekri nou tout bagay sa yo, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a, pou nou kapab konnen nou genyen lavi etènèl. 14 Nou kapab pwoche bò kote Bondye avèk konfyans, si nou mande yon bagay ki nan volonte l, l ap koute nou. 15 Epi si nou konnen l ap koute nou, nou konnen nou genyen sa nou mande l la.
16 Si yon moun wè frè li oubyen sè li ap komèt yon peche, (yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl), li ta dwe priye pou Bondye bay moun sa a lavi, moun sa a k ap komèt yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl. Men genyen yon peche ki mennen nan lanmò etènèl, se pa pou li m ap mande nou priye. 17 Tout enjistis se peche, men genyen yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl.
18 Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li.[b] Satan pa gen dwa touche l. 19 Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan. 20 Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la. 21 Konsa, pitit mwen yo, se pou nou rete lwen zidòl yo.
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mat 21:23-27; Mak 11:27-33)
20 Yon jou, Jezi t ap anseye foul la nan tanp lan. Li t ap preche yo bòn nouvèl la. Te gen chèf prèt yo, ansanm ak Skrib yo epi lidè Jwif yo ki te kanpe toupre. 2 Yo vin pale ak Jezi, yo di li: “Di nou kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè a yo, osinon di nou kilès ki ba w otorite sa a?”
3 Jezi reponn, li di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou, se pou nou reponn mwen. 4 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
5 Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 6 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.” 7 Konsa, yo reponn Jezi: “Nou pa konnen kilès ki te bay Janbatis otorite.”
8 Lè sa a, Jezi di yo: “Mwen menm non plis, mwen p ap di nou kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.”
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mat 21:33-46; Mak 12:1-12)
9 Apre sa, Jezi rakonte pèp la parabòl sa a: “Vwala se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Apre sa, li bay kèk kiltivatè jaden an de mwatye, epi li pati al fè anpil tan deyò. 10 Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon domestik al kote kiltivatè yo pou al chache pati pa l nan rekòt rezen an. Men, kiltivatè yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l ale de men vid. 11 Mèt jaden an voye yon dezyèm domestik kote kiltivatè yo. Yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat. Lè yo fini, yo joure l byen joure, apre sa, yo voye l ale de men vid. 12 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik kote kiltivatè yo. Fwa sa a, yo menm blese domestik la epi yo pimpe l deyò jaden an.
13 Lè sa a, Mèt jaden an di: Ki sa m dwe fè la a? M ap voye pitit gason m nan kote yo, pitit mwen renmen anpil la. Petèt, lè yo wè se pitit mwen an, y a gen respè pou li. 14 Lè kiltivatè yo wè pitit la ap vini, youn di lòt konsa: Men pitit mèt jaden an ap vini. Annou touye li, pou jaden an ka rete pou nou. 15 Konsa, kiltivatè yo trennen pitit gason mèt la soti deyò jaden an epi yo touye l.
Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? 16 L ap vini, l ap touye tout kiltivatè sa yo; apre sa, l ap bay lòt kiltivatè responsab jaden an.”
Lè moun yo fin tande istwa a, yo di: “Mande Bondye padon non! Yon bagay konsa pa ka rive.” 17 Men, Jezi gade yo epi li di yo: “Enben kisa pawòl sa ki ekri a vle di pou nou?
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a,
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.[a]
18 Nenpòt moun ki kase pye l nan wòch sa a, ap kraze an miyèt moso, men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, l ap kraze moun nan fè farin.”
19 Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la.
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mat 22:15-22; Mak 12:13-17)
20 Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l. 21 Espyon yo poze Jezi yon kesyon. Yo di: “Mèt, nou konnen tout sa ou ap anseye yo se verite a. Ou pa gade sou figi moun; men, ou toujou anseye verite Bondye a kòm sa dwa. 22 Di nou, èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
23 Men Jezi te konnen se nan pyèj mesye yo t ap chache pran li, li di yo: 24 “Montre m yon pyès lajan. Foto ki moun ak non ki moun ki sou li?”
Yo reponn li: “Seza.”
25 Apre sa, Jezi di yo: “Enben, bay seza sa k pou Seza, epi bay Bondye sa k pou Bondye.”
26 Mesye yo pa t ka resi jwenn anyen ki mal nan bouch li pou akize l devan pèp la. Okontrè, repons li yo te etone yo. Yo pa t ka menm louvri bouch yo di yon mo.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mat 22:23-33; Mak 12:18-27)
27 Sadiseyen yo se yon gwoup moun ki di moun mouri pa ka leve ankò. Kèk nan yo vin kot Jezi pou poze l kesyon. 28 Yo di: “Mèt, Moyiz te ekri lwa sa a pou nou: Si yon mesye marye mouri li san l pa t gentan gen pitit ak madanm li, yon lòt frè oblije marye ak vèv la, pou l ka fè yon pitit pou frè ki mouri a.[b] 29 Vwala te gen sèt frè. Premye a marye ak yon fi, apre sa li mouri san kite pitit. 30 Dezyèm nan marye ak vèv la, epi li mouri tou san kite pitit. 31 Twazyèm nan menm jan. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fi a epi yo tout mouri san kite pitit. 32 Finalman, fi a mouri tou. 33 Poutèt fi sa a te madanm tout sèt frè yo, nou ta renmen konnen lè rezireksyon an, madanm kilès l ap ye?
34 Jezi reponn Sadiseyen yo: Jounen jodi a sou latè, fanm ak gason marye. 35 Men, moun ki gen pou resisite yo epi viv nan lòt lavi ki gen pou vini an p ap nan koze marye. 36 Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò. 37 Lè Moyiz te devan touf bwa ki t ap boule a nan dezè a,[c] Moyiz fè nou wè byen klè moun mouri leve paske li rele Senyè a, Bondye Abraram lan, Bondye Izaak la ak Bondye Jakòb la. 38 Bondye pa Bondye moun mouri. Se Bondye moun ki vivan li ye. Paske tout moun, kit yo mouri ou non, you toujou vivan pou Bondye.”
39 Kèk nan Skrib yo reponn, yo di: “Mèt, ou byen pale.” 40 Apre sa, pèsonn moun pa t santi l brav ase pou poze l kesyon ankò.
Èske Mesi a se pitit David?
(Mat 22:41-46; Mak 12:35-37)
41 Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? 42 Se David menm ki di nan liv Sòm yo:
Senyè Bondye di Senyè mwen:
Chita sou bò dwat mwen,
43 jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.[d][e]
44 Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo
(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)
45 Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46 “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 47 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”
Copyright © 2017 by Bible League International