M’Cheyne Bible Reading Plan
40 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.
3 W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a.
4 Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li.
5 W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan.
6 W'a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a.
7 W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.
8 W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a.
9 W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt.
10 W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale.
11 W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen.
12 Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen.
13 W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.
14 W'a fè pitit gason l' yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo.
15 W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit.
16 ¶ Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la.
17 Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan.
18 Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo.
19 Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyè a te ba li lòd fè a.
20 Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
21 Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la.
22 Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a.
23 Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
24 Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la.
25 Li ranje ti lanp yo devan Seyè a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
26 Li mete lòtèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a.
27 Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
28 Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan.
29 Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a.
30 Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'.
31 Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan.
32 Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
33 Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la.
34 ¶ Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
35 Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
36 Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.
37 Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve.
38 Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.
19 ¶ Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.
2 Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.
3 Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
4 Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
5 Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!
6 Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.
7 Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
8 Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.
9 Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.
10 Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa?
11 Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.
12 Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.
13 Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).
14 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.
15 Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.
16 ¶ Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.
17 Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).
18 Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.
19 ¶ Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.
20 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.
21 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.
22 Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.
23 Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a.
24 Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.
25 Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.
26 Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.
27 Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
28 Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.
29 Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi.
30 Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.
31 ¶ Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.
32 Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.
33 Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo.
34 Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.
35 Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.
36 Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li.
37 Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.
38 ¶ Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.
39 Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.
40 Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun.
41 Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li.
42 Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.
16 ¶ Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye.
2 ¶ Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.
3 ¶ Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.
4 ¶ Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.
5 ¶ Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
6 ¶ Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
7 ¶ Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.
8 ¶ Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
9 ¶ Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.
10 ¶ Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.
11 ¶ Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.
12 ¶ Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
13 ¶ Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.
14 ¶ Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.
15 Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.
16 ¶ Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
17 ¶ Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.
18 ¶ Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
19 ¶ Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
20 ¶ Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!
21 ¶ Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.
22 ¶ Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.
23 ¶ Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
24 ¶ Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
25 ¶ Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
26 ¶ Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.
27 ¶ Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
28 Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
29 ¶ Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.
30 Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.
31 ¶ Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.
32 ¶ Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
33 ¶ Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.
3 ¶ Koulye a, frè m' yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m' anyen pou m' repete sa m' te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou.
2 Veye kò nou ak moun k'ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou.
3 Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.
4 ¶ Mwen ta ka mete konfyans mwen nan bagay konsa tou, si m' te vle. Si gen moun ki kwè yo ka mete konfyans yo nan sa lèzòm ap fè, mwen pi ka fè l' pase yo.
5 Mwen te gen wit jou depi m' te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san (100) pou san (100). Sou keksyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye.
6 Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale.
7 Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.
8 Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la,
9 ¶ pou m' ka viv ansanm avè l' nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m' gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.
10 Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou,
11 avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
12 Mwen pa gen pretansyon mwen rive deja kote m' prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men, m'ap kouri sou kous mwen pou m' wè si m' ka mete men sou kote m' dwe rive a, paske Jezikri pou tèt pa l' fin mete men sou mwen deja.
13 Se vre wi, frè m' yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m' sou kote m' dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m' fè, se pou m' bliye tou sa ki dèyè m' pou m' fè jefò pou m' mete men m' sou sa ki devan m' lan.
14 Konsa, m'ap kouri dwat devan m' sou mak kote m' prale a, pou m' ka jwenn rekonpans Bondye rele m' vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
15 ¶ Nou tout ki byen grandi nan lafwa, se menm lide sa a pou n' gen nan tèt nou tou. Men, si gen moun pami nou ki gen lòt lide sou kèk pwen, Bondye va fè yo wè pi klè sou sa.
16 Nenpòt jan sa ye, ann mache toujou jan n' te konmanse a.
17 ¶ Nou tout frè m' yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la.
18 Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen:
19 Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.
20 Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la.
21 Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.