M’Cheyne Bible Reading Plan
29 ¶ Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.
2 Ezekyas te fè sa ki dwat devan Seyè a tankou David, zansèt li a, te fè l'.
3 Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.
4 Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan.
5 Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.
6 Zansèt nou yo pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t' okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l' menm!
7 Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.
8 Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou.
9 Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye.
10 Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m' pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.
11 Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
12 ¶ Men moun Levi ki vin pote tèt yo an premye: Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Joèl, pitit Azarya. Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl. Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak.
13 Nan branch fanmi Elizafan an, se te Chimri ak Jeiyèl. Nan branch fanmi Asaf la, se te Zekaraja ak Matanya.
14 Nan branch fanmi Eyman an, se te Jeiyèl ak Chimeyi. Nan branch fanmi Jedoutoun lan, se te Chemaja ak Ouziyèl.
15 Mesye sa yo reyini tout fanmi yo, yo fè sèvis pou yo ka nan kondisyon sèvi Bondye. Lèfini, yo antre nan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon sèvi Bondye, jan wa a te ba yo lòd la, dapre sa ki nan lalwa Seyè a.
16 Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l', yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an.
17 Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye ankò.
18 Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l': -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l' yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l' yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
19 Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Koulye a, yo tout devan lotèl Seyè a.
20 ¶ Nan denmen maten, byen bonè, wa Ezekyas leve, li reyini tout chèf lavil la, li moute ak yo nan Tanp Seyè a.
21 Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a.
22 Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, yo al vide l' sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la tou.
23 Lè yo fini, yo mennen bouk kabrit yo te ofri pou peche yo devan wa a ansanm ak lòt moun ki te la yo pou yo mete men yo sou tèt bèt yo.
24 Lè yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la.
25 Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.
26 Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo.
27 Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la.
28 Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t'ap chante, yo t'ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a.
29 Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.
30 Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
31 Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.
32 Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.
33 Konsa tou, yo ofri sisan (600) towo, twamil (3.000) mouton pou yo touye pou Bondye.
34 Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
35 Lèfini, san konte tout bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, prèt yo te gen pou ofri bay Bondye grès lòt bèt yo te touye pou mande Bondye padon ak ofrann diven ki mache ak bèt yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa yo konmanse ankò ap fè sèvis pou Bondye nan Tanp lan.
36 Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan deske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.
15 ¶ Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.
2 Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.
3 Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.
4 Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.
5 ¶ Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan sièl la louvri.
6 Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.
7 Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.
8 Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.
11 ¶ Ou menm peyi Liban, louvri pòtay ou yo pou dife ka boule tout pye sèd ou yo.
2 Nou menm, pye sikren yo, plenn sò nou! Paske pye sèd la tonbe. Gwo pyebwa yo fini! Nou menm, pye bwadchenn peyi Bazan yo, rele, plenn sò nou! Paske gwo rak plen bwa a kraze!
3 Kote ou pase, ou tande chèf yo ap plenn! Yo fini, yo pèdi pouvwa a yo. Kote ou pase, ou tande jenn ti lyon yo ap plenn! Yo koupe tout bèl rakbwa ki sou bò larivyè Jouden yo.
4 ¶ Seyè a, Bondye mwen an, di m' konsa: -Ou pral swen mouton y'ap pare pou labatwa.
5 Moun k'ap achte yo a ap touye yo. Pesonn pa ka mande yo kont. Moun k'ap vann yo menm ap di: Lwanj pou Bondye! Gade jan nou rich non! Ata gadò mouton yo pa gen pitye pou yo.
6 (Seyè a di: Mwen p'ap gen pitye pou moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm ki pral lage yo nan men pwòp chèf yo ak pwòp wa yo ankò. Chèf yo pral fini ak peyi a. Mwen p'ap fè anyen pou m' wete yo anba men yo.)
7 Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m' pou m' swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo.
8 Gadò yo ban m' degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pa t' vle wè m'.
9 Lè sa a, mwen di pèp la: -Mwen p'ap swen nou ankò. Sa ki pou mouri mèt mouri! Sa ki pou disparèt mèt disparèt! Sa ki rete yo menm, yonn mèt manje lòt.
10 Lèfini, mwen pran baton Favè a, mwen kase l' de bout. Ki vle di, mwen kase kontra mwen menm, Seyè a, mwen te pase ak tout nasyon yo.
11 Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m'. Yo vin konprann sa m' te fè a. Yo rekonèt se yon mesaj Seyè a t'ap ba yo.
12 Mwen di yo: -Si nou vle peye m', nou mèt peye m'. Si nou pa vle tou, sa pa fè anyen. Y'a l' pran lajan an, yo peye m' trant pyès an ajan pou sa m' te fè a.
13 Men, Seyè a di m' konsa: -Al bay lajan an pou yo mete l' nan kès tanp lan. Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m' pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès tanp lan.
14 Apre sa, mwen kase dezyèm baton m' lan, sa mwen te rele Tèt Ansanm lan, pou fè konnen pa gen tèt ansanm ankò ant moun Jida yo ak moun Izrayèl yo.
15 ¶ Apre sa, Seyè a di m': -Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen.
16 Paske mwen pral mete yon gadò pou okipe bann mouton m' yo. Men, lè yon mouton pèdi, se pa pou li sa. Si yonn egare, li pa pral chache l'. Si yonn blese, li p'ap fè anyen pou geri l'. Si yonn bouke, li p'ap fè anyen pou soutni l'. Okontrè, l'ap manje sa ki pi gra yo, l'ap fann zago tout lòt yo.
17 Madichon pou move gadò a! Li kouri kite mouton yo pou kont yo. Se pou lagè fini ak pouvwa l' la. Se pou bra l' vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.
14 ¶ Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.
2 Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa.
3 Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
4 ¶ Nou konnen chemen ki mennen kote m' prale a.
5 Toma di li: Seyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n' pran an?
6 Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
7 Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou.
8 Filip di l' konsa: Seyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen.
9 Jezi reponn li: Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m', li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m' Papa a?
10 Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.
11 Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a.
12 ¶ Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.
13 Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a.
14 (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.)
15 ¶ Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.
16 M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.
17 Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.
18 ¶ Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.
19 Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.
20 Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
21 Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.
22 Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l' konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?
23 Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.
24 Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.
25 ¶ Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou.
26 Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.
27 M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
28 ¶ Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.
29 Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.
30 Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.
31 Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa m'. Wi, fòk yo konnen m'ap fè sa Papa m' te ban m' lòd fè a. Leve non. Ann sot isit la.