Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the Gospels in 40 Days

Read through the four Gospels--Matthew, Mark, Luke, and John--in 40 days.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Matye 4-6

Satan tante Jezi

(Mak 1:12-13; Lik 4:1-13)

Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. Lè sa a, dyab[a] la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”

Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”[b]

Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:

L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Epi y ap pote w nan men yo,
    pou pye w pa frape nan wòch.”[c]

Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.[d]

Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”

10 Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.[e]

11 Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.

Jezi kòmanse ministè li nan Galile

(Mak 1:14-15; Lik 4:14-15)

12 Lè Jezi tande yo mete Jan nan prizon, li retounen nan rejyon Galile a. 13 Men, li pa t rete Nazarèt; li te pito al rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lak Galile a, sou teritwa Zabilon ak Neftali. 14 Sa te rive konsa pou fè nou konprann pi byen pwofesi pwofèt Ezayi a:

15 “Ouvri zòrèy nou pou n koute, teritwa Zabilon ak teritwa Neftali,
    teritwa ki chita toupre lanmè,
    teritwa ki chita lòtbò rivyè Jouden an.
    Galile, kote anpil etranje rete:
16 Pèp ki t ap viv nan fènwa a
    te wè yon gwo limyè klere.
Limyè a klere
    sila yo k ap viv anba lonbray lanmò.”[f]

17 Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”

Jezi chwazi kèk disip

(Mak 1:16-20; Lik 5:1-11)

18 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 19 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 20 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.

21 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li. 22 San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi.

Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun

(Lik 6:17-19)

23 Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la. 24 Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout. 25 Anpil moun te sòti toupatou pou vin swiv Jezi: te gen moun Galile, te gen moun Dekapolis, te gen moun Jerizalèm, te gen moun ki sòti nan Jide, menm te gen moun ki sòti nan zòn lòt bò rivyè Jouden an.

Jezi t ap anseye pèp la

(Lik 6:20-23)

Lè Jezi wè foul la, li monte sou yon mòn, li chita. Disip yo te pwoche bò kote li. Epi Jezi te kòmanse anseye pèp la. Li di yo:

“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen,
    paske wayòm syèl la se pou yo.
Benediksyon pou moun
    ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.
Benediksyon pou moun ki desann tèt yo,
    paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la.[g]
Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen,[h]
    paske y ap jwenn satisfaksyon.
Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun,
    Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.
Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp,
    yo gen pou yo wè Bondye.
Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè
    y a rele yo pitit Bondye.
10 Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat
    paske wayòm syèl la se pou yo li ye.

11 Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen. 12 Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.

Sèl ak limyè latè

(Mak 9:50; 4:21; Lik 14:34-35; 8:16)

13 Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.

14 Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. 15 Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la. 16 Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.

Jezi ap pale de lalwa Moyiz la

17 Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen. 18 Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.

19 Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a. 20 Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.

Jezi anseye konsènan kòlè

21 Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun[i], paske nenpòt moun ki touye moun Bondye ap jije yo. 22 Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.

23 Konsa, si ou gen yon ofrann pou ou bay, epi lè ou rive devan lotèl, ou sonje ou gen yon moun ki gen pwoblèm avè w, 24 depoze ofrann nan yon kote, ale fè lapè ak moun ou gen pwoblèm nan. Apre sa, wa retounen vin bay ofrann nan.

25 Si yon moun vle fè w pwosè, antann ou avè l depi anvan nou rive nan tribinal la. Si ou pa fè sa, lènmi w lan ap trennen w devan jij, jij la ap fè yon sòlda pran w, epi sòlda a ap fèmen w nan prizon. 26 Anverite, m ap di ou, yo p ap lage w jouktan w fin peye tout dèt la.

Jezi pale konsènan peche seksyèl

27 Nou te konn tande yo di: Piga nou fè adiltè,[j] 28 men mwen m ap di nou: nenpòt moun ki gade yon fi epi ki gen tan wè sa l ta fè avè l, li gentan komèt adiltè nan kè l. 29 Si se je dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pèdi yon pati nan kò w, olye se tout kò a ki al boule nan lanfè. 30 Si se men dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pou pèdi yon pati nan kò w olye se tout kò l ki al boule nan lanfè.

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mat 19:9; Mak 10:11-12; Lik 16:18)

31 Nou te konn tande yo di tou: Nenpòt moun ki vle divòse ak madanm li, se pou l fè sèten li ba li yon papye divòs.[k] 32 Men mwen menm, m ap di nou: nenpòt moun ki divòse ak madanm li ap lakoz li komèt adiltè, eksepte si madanm li te gentan tonbe ak yon lòt moun. Nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse komèt adiltè.

Jezi pale sou koze fè pwomès

33 Nou tande yo te di zansèt nou yo: pa kraze pwomès yo te fè sèman pou yo kenbe. Men yo dwe toujou kenbe pwomès yo te gen ak Bondye.[l] 34 Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye. 35 Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a. 36 Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa. 37 Lè se ‘wi’ ou vle di, annik di ‘wi’. Lè se ‘non’ ou vle di, annik di ‘non’. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.

Jezi ap pale sou kesyon konfli

(Lik 6:29-30)

38 Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan.[m] 39 Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. 40 Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. 41 Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt[n] pou ede l pote chay li, fè de avè l. 42 Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.

Renmen lènmi ou

(Lik 6:27-28,32-36)

43 Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.[o] 44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45 Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. 46 Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. 47 Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? 48 Konsa, men sa m ap di ou: bonte[p] ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.

Jezi ap pale sou lè moun bay

Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè.

Lè w bay pòv yon bagay, ou pa bezwen ap klewonen twonpèt pou moun ka wè w. Pa aji tankou ipokrit. Se konsa yo fè l nan sinagòg yo ak nan lari a, pou yo ka resevwa louwanj nan men moun. Anverite, m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men lè w ap bay pòv yon bagay, pa kite men gòch ou konnen sa men dwat ou ap fè. Konsa, sa w bay la ka fèt an sekrè. Papa ou ki nan syèl la, ki konnen tout sekrè, se li k ap ba w rekonpans ou merite a.

Jezi anseye kijan pou n lapriyè

(Lik 11:2-4)

Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men ou menm lè ou ap priye antre nan chanm ou, fèmen pòt la. Apre sa, priye Papa w. Li menm ki konnen tout sekrè, l ap ba w rekonpans ou.

Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons. Pa fè tankou moun ki pa konn Bondye yo, paske Papa w konnen sa w gen bezwen, anvan menm ou mande l. Men kijan ou dwe priye:

Papa nou ki nan syèl la,
    se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.
10 Vin tabli wayòm ou an.
    Se pou volonte w fèt sou tè a menm jan ak nan syèl la.
11 Ban nou jodi a jou manje nou bezwen pou chak jou.
12 Padone peche nou yo
    menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.
13 Pa kite nou tonbe anba tantasyon,
    men delivre nou anba mechan an.[q][r]

14 Si nou padone lòt moun ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. 15 Men si nou pa padone lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou nonplis.

Jezi ap pale sou lè moun ap jèn

16 Lè nou ap fè jèn, pa fè figi nou long tankou ipokrit. Yo fè figi yo tris pou tout moun ka wè y ap jene. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 17 Men nou menm, lè n ap jene, lave vizaj nou. Fè figi nou byen fre. 18 Konsa, moun pa menm konnen si n ap fè jèn, men Papa nou ki nan syèl la, ki konnen tout ti sekrè, li va ban nou rekonpans nou.

Nou pa ka sèvi de (2) mèt alafwa

(Lik 12:33-34; 11:34-36; 16:13)

19 Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy[s] ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. 20 Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. 21 Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou.

22 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[t] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. 23 Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.

24 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[u] anmenmtan.

Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay

(Lik 12:22-34)

25 Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? 26 Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo? 27 Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa?

28 Poukisa n ap bay tèt nou traka konsa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. 29 M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 30 E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!

31 Pa kòmanse ap chaje tèt nou sou kisa n pral manje, kisa n pral bwè, oswa kisa n pral met sou nou. 32 Se moun ki pa konnen Bondye ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi. 34 Konsa, pa chaje tèt nou jodi a ak bagay ki gen pou rive demen. Demen gen pwòp chay pa l. Chak jou vin ak lo tèt chaje pa l.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International