Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God
6 Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di:
“Bondye opoze ak ògeye yo,
men li fè moun ki enb yo gras.”[a]
7 Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w. 8 Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w,[b] ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan. 9 Pran konsyans lanmizè w, pran dèy, kriye, sispann ap ri, mete dlo nan je w pito, olye lajwa pito w chwazi tristès. 10 Bese tèt ou devan Senyè a, limenm l ap leve w.
Se pa ou menm ki jij la
11 Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa. 12 Se sèl Bondye ki bay lalwa epi se li sèl ki jij. Se Bondye sèl ki kapab delivre oubyen touye. Ou menm, kisa w ye, ou menm k ap jije pwochen w lan?
Copyright © 2017 by Bible League International