Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God
25 Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. 26 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!”
27 Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”
28 Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.”
29 Jezi di li: “Vini non!”
Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. 30 Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!”
31 Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”
32 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. 33 Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”
Copyright © 2017 by Bible League International