Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NLT. Switch to the NLT to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
Jij 1:1-2:9

¶ Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?

Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo.

Moun Jida yo di moun Simeyon yo konsa: -Ann al ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Jida yo. Enpi n'a mete ansanm pou goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm moun Jida yo, n'a ale ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Simeyon yo. Se konsa, moun Simeyon yo ale ansanm ak

moun Jida yo, yo moute al goumen. Seyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (10.000) sòlda nan lavil Bezèk.

Yo jwenn Adonibezèk l'a tou. Yo goumen avè l'. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat.

Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l', yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l' yo.

Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.

Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l'. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l'.

¶ Apre sa, y' al goumen ak moun Kanaran ki t'ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la.

10 Moun Jida yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi.

11 Yo kite Ebwon, yo mache al atake moun ki te rete lavil Debi yo. Nan tan lontan yo te rete lavil sa a Kiriyat-Sefè.

12 Kalèb di: -Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l' ak Aksa, pitit fi mwen an.

13 Se Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.

14 Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Akza al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sak genyen, pitit mwen?

15 Akza reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m' al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m' kote pou m' pran dlo tou. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la.

16 Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo.

17 Moun Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te ladan l'. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Seyè a. Yo chanje non lavil la, yo rele l' Oma.

18 Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li.

19 Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.

20 Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la.

21 ¶ Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.

22 Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Seyè a te kanpe avèk yo tou.

23 Yo voye kèk moun an kachèt al wè jan sa ye nan lavil la.

24 Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.

25 Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esepte nonm lan ansanm ak tout fanmi l'.

26 Apre sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l' Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a.

27 Moun branch fanmi Manase yo pa t' rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.

28 Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò.

29 Moun branch fanmi Efrayim yo tou pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo.

30 Moun branch fanmi Zabilon yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo.

31 Moun branch fanmi Asè yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Akzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb.

32 Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pa t' mete yo deyò.

33 Moun branch fanmi Nèftali yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt anat yo te blije travay pou yo.

34 Moun Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pa t' kite yo desann nan plenn lan menm.

35 Se konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo.

36 Fwontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

¶ Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an.

Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!

Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou.

Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.

Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la.

¶ Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a.

Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l' pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.

Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an).

Yo antere l' sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.

Lik 21:29-22:13

29 ¶ Epi Jezi di yo yon parabòl: Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo.

30 Lè nou wè yo kòmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou.

31 Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre.

32 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.

33 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

34 Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.

35 Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè.

36 Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.

37 Tout lajounen Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Men, lè solèy fin kouche, li te konn soti al pase nwit sou mòn Oliv la.

38 Chak maten, byen bonè, tout pèp la te konn al jwenn li nan tanp lan pou tande sa l' t'ap di.

22 ¶ Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive.

Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.

Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo.

Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.

Yo pa t' manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l' lajan.

Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen.

¶ Jou fèt Pen san ledven an te rive; se jou sa a pou yo te touye ti mouton yo pou manje Delivrans lan.

Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo konsa: Ale pare manje Delivrans lan pou n' kapab manje li.

Yo mande li: Ki bò ou ta vle nou pare li?

10 Li di yo: Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo; swiv li jouk nan kay kote la antre a.

11 N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l' manje manje Delivrans lan avèk disip li yo?

12 Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan.

13 Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.

Sòm 90-91

90 ¶ Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.

Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.

Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.

Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.

Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.

Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.

¶ Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.

Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.

Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.

10 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.

11 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?

12 ¶ Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.

13 Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.

14 Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.

15 Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.

16 Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.

17 Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.

91 ¶ Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a

ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.

Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.

Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.

W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.

¶ Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,

10 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.

11 Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

12 Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

13 W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

14 Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.

15 Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.

16 M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.

Pwovèb 13:24-25

24 ¶ Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.

25 ¶ Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.